Accessibility links

Breaking News

Lwa Elektoral la Toujou Bloke nan Sena a


UN-Haiti
UN-Haiti
Ann Ayiti, Sena a pa jwenn koròm pou l fè yon seyans li te prevvwa pou jounen madi 22 avril 2014 la pou pwononse l sou yon rapò li te prepare sou pwojè lwa elektoral la. An fèt, nouvèl ki pase nan medya peyi a montre òganizasyon pwochen eleksyon yo -yon pasaj oblije si pou pwosesis demokratik la kontinye evolye nan bon direksyon an—eben, òganizasyon eleksyon yo pwovoke anpil kesyon ki rete san repons.

Gen 2 pozisyon opoze sou dosye a ki kreye yon sòt de blokaj nan pwosesis la, kote sanble machin electoral la pa ka avanse. Premye pozisyon an, se pozisyon aktè politik --tankou prezidan Michel Martelly-- ki mande aplikasyon Atik 12 Akò El Rancho a ki prevwa itilizasyon lwa elektoral 2013 la pou òganizasyon pwochen eleksyon yo, si amandman pwopoze yo pa rive pase nan Sena a atan pou eleksyon yo dewoule. Sepandan, nou jwenn yon pozisyon diferan nan Sena a kote palmantè yo egzije kreyasyon yon nouvo KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa) anvan pou yo amande lwa elektoral la, jan Pouvwa Egzekitif la mande sa a. Rezondèt pozisyon sa-a, sè ke, daprè Senatè yo, CT/CEP ki la kounye a te gen misyon pou l òganize eleksyon nan fen ane 2013 la; ane a pase, li pa fè eleksyon --donk misyon CT/CEP sa a pran fen.

Ann atandan, kesyon ap poze pou mande ki pòt de sòti ki egziste pou sitiyasyon blokaj sa a ? Nan moman rete 6 mwa pou dat Akò El Rancho a fikse pou eleksyon dewoule (26 oktòb 2014) rive, eske chire-pit ki egziste ant Sena a ak Pouvwa Egzekitif la sou modalite òganizasyon eleksyon-yo, pa pral deraye pwosesis la e lage peyi d Ayiti nan yon vid enstitisyonèl avèk divès konsekans negatif e enprevizib?

Klike sou « Koute » pou w swiv repòtaj Sèvis Kreyòl la sou dosye eleksyon an ann Ayiti. Prezantasyon Marie-Luce Pierre avèk Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG