Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Biden Mande Moskou Respekte yon Akò sou Solisyon Kriz la nan Ikrèn


Vis Prezidan Joe Biden (adwat) ak Premye Minis pwovizwa Ikrèn nan Arseniy Yatsenyuk. Yap deplase aprè yo fin bay yon konferans pou laprès ansanm nan vil Kyèv madi 22 avril 2014 la.
Vis Prezidan Joe Biden (adwat) ak Premye Minis pwovizwa Ikrèn nan Arseniy Yatsenyuk. Yap deplase aprè yo fin bay yon konferans pou laprès ansanm nan vil Kyèv madi 22 avril 2014 la.
Vis prezidan ameriken an, Joe Biden, kap vizite peyi Ukrèn, lanse apèl bay Larisi pou mande l respekte yon resan akò sou solisyon kriz la nan Ikrèn ki, daprè Misye Biden, ap batay pou pwòp sivi li jounen jodi a. Misye Biden, ki twouve l nan Kyev depi lendi pou yon vizit 2 jou, di otorite yo Lèzetazini kanpe bò kote yo fas ak sa li konsidere kòm yon seri de “menas imilyan”.

Misye Biden genyen pou l rankontre ak prezidan pwovizwa ikrenyen an, Oleksander Turchinoff, e avèk premye minis la, Arseny Yatsenyuk, nan moman tansyon ki tap monte nan pati lès Ikrèn nan sanble fè yon ti bese. Vis prezidan an di nouvo gouvènman ikrenyen an gen yon chans pou l kreye yon peyi ini. Sepandan, li lanse avètisman pou l di ikrenyen yo, pou kòmanse, yo fèt pou yo konbat sa misye Biden rele « kansè koripsyon an. »

Vis prezidan ameriken an kontinye pou l di Lèzetazini pare pou l ede Ikrèn tounen yon peyi endepandan sou plan enèjetik la ; konsa li pap genyen pou l konte sou Larisi pou l jwenn gaz natirèl. Pandansetan, Ikrèn ak Larisi kontinye lanse pawòl piman bouk kote youn ap akize lòt pou di se li ki responsab kout-zam ki te tire nan yon pòs enspeksyon polis nan vil Slavyanski –kote moun yo ap rekelme yon rapwochan avèk Larisi. Kout-zam sa a te mete fen nan yon trèv 2 pati ki sou teren an nan Ikrèn tap obsève e ki koze lanmò 3 moun nan jounen dimanch Pak la. Anfen, otorite yo nan Depatman Deta pibliye kèk foto ki montre fòs espesyal lame ris la twouve yo sou teren an nan pati lès Ikrèn. Diplomat ameriken yo fè konnen se kòlèg ikrenyen ki te mete foto sa yo a la dispozisyon yo.
XS
SM
MD
LG