Accessibility links

Breaking News

Avwaye Espesyal l’UNESCO a, Michaelle Jean : « Pwogrè Enposib ann Ayiti san Stabilite Politik. »


Anvwaye Espesyal UNESCO ann Ayiti a, Michaelle Jean.
Anvwaye Espesyal UNESCO ann Ayiti a, Michaelle Jean.
Anvwaye espesyal l’UNESCO a ann Ayiti, Michaelle Jean, ki te nan Pòtoprens nan weekend nan, lanse apèl pou l mande dyalòg ant lidè politik yo ; daprè li, se sèl kondisyon pou peyi a gen stabilite epi monte sou wout devlopman an finalman. Devan divizyon ki pa sispann egziste nan mitan aktè politik yo, anvwaye l’UNESCO a lanse apèl ba yo pou l mande yo mete enterè nasyon an anvan enterè pèsonèl yo, paske peyi a pap kapab avanse si li kontinye sòti nan yon kriz pou l tonbe nan yon lòt. Madam Jean atire atansyon sou le fèt ke pasyans kominote entènasyonal la pa etènèl ; kidonk, li lè, li tan pou lidè ayisyen yo pran o-serye travay pou rezoud pwoblèm peyi a ap konfwonte.

Yon lòt kote, manm palman an reyaji avèk etonnman lè yo tande deklarasyon Prezidan Michel Martelly fè pou l di « kès Leta ayisyen an vid » akoz gwo kantite pwojè gouvènman li a mete sou pye. Palmantè tankou Johnson Dieujuste (depite Jean Rabel) avèk Duckner Clément (depite Baradères) di pouvwa egzekitif la gen eksplikasyon pou l bay ; paske, daprè yo, chak depatman ministeryèl ak biwo otonòm Leta yo gen yon bidjè ki dekese daprè kèk règleman administratif byen klè (swa yon 12èm bidjè a chak mwa) ; alòs, lajan Leta pa ka fini nan mwa davril la. An plis de sa, palmantè yo fè konnen Prezidan Martelly pa kapab lage okenn mank lajan sou do pwojè administrasyon li a ta reyalize, puiske gen pwojè Leta te anonse ki kanpe nan wout, avèk lòt ki poko menm kòmanse.

Anfen, Premyè Dam ayisyèn nan, Sophia Martelly, te nan Miami nan weekend nan pou l te patisipe nan seremoni ki tap make 30èm anivèsè fondasyon Asosyasyon Enfimyè Ayisyano-Amerikèn yo (Haitian-American Nurses Association- HANA). Se Madan Martelly ki te oratris prensipal la nan seremoni an. Nan yon entèvyou Premyè Dam nan bay kolaboratè nou Pierre Nazon Beaulière, li di, antwòt, objektif prezans li nan evennman an sete pou l atire atansyon sou wòl enfimyè yo nan sosyete nou yo e prezante manm HANA yo konpliman pèsonèl li pou bon travay yo reyalize pandan 3 dizèn dane.

Klike sou « Koute » pou w swiv repòtaj Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la sou nouvèl sa yo.
XS
SM
MD
LG