Prezidan pwovizwa ikrenyen an, Oleksander Turchynov, ofri amnisti pou yon gwoup militan ki an favè Larisi si yo depoze zam yo e kite kèk biwo Leta yo okipe nan 2 vil ki nan pati lès Ikrèn. Misye Turchynov fè anons sa a nan kòmansman jounen jedi 10 avril 2014 la, swa yon jou anvan fen yon delè otorite yo bay pou militan ki okipe biwo Leta nan vil Luhansk ak Donetsk sispann mouvman yo a, swa gras ak negosyasyon, swa pa lafòs. Prezidan an di li pare pou l ofisyalize pwomès li a nan yon pwoklamasyon prezidansyèl.
Manifestan separatis pwo-Larusi, ki fèmen andan katye jeneral lapolis la nan vil Luhansk, poko bay reyaksyon yo. Kèk nan yo fè konnen otorite yo ap eseye kraze efò yap fè pou gouvènman an òganize yon referandòm sou endepandans rejyon yo a pa rapò ak rejim santral la nan Kyèv.
Nan Washington, diplomat ameriken wo-plase Victoria Nuland, ki tap fè depozisyon li sou sitiyasyon an nan Ikrèn devan yon komisyon Kongrè Lèzetazini an nan jounen mèkredi a, di genyen prèv ki montre Larisi mele byen fon nan sa kap pase la a --sètadi nan mouvman kote militan okipe kèk biwo Leta nan Ikrèn-- e li lanse avètisman pou l di sa kapab gen gwo konsekans si militan yo kontinye poze zak agresyon konsa.
« Evennman kap dewoule nan Ikrèn yo se yon apèl ki mande pou nou tout reveye nou. Se yon menas pou tout prensip ki te toujou gide nou pandan plis pase 40 tan kòm yon kominote entènasyonal, si zak agresif sa yo kontinye san kontwòl e san pinisyon. »
Madam Nuland di manm Kongrè a tou Depatman Deta a pa tèlman plase gwo espwa nan negesyasyon ki pral dewoule semèn pwochèn nan sou sitiyasyon an nan Ikrèn ant diplomat peyi sa a, Larisi, Lèzetazini ak Inyon Ewòp la.