Accessibility links

Breaking News

Konfli Izrayelo/Palestinyen : Efò Sekretè Deta Kerry pou l Sove Pwosesis Lapè a


Sekretè Deta John Kerry ap tande yon kesyon pandan li tap patisipe nan yon konferans pou laprès avèk Minis Afè Etranjè mawoken an, Salaheddine Mezouar, pandan dewoulman "Dyalòg Estratejik Amerikano-Mawoken" nan lokal Depatman Afè Etranjè a nan vil Rabat, o Mawòk. (Foto: 4 avril 2014).
Sekretè Deta John Kerry ap tande yon kesyon pandan li tap patisipe nan yon konferans pou laprès avèk Minis Afè Etranjè mawoken an, Salaheddine Mezouar, pandan dewoulman "Dyalòg Estratejik Amerikano-Mawoken" nan lokal Depatman Afè Etranjè a nan vil Rabat, o Mawòk. (Foto: 4 avril 2014).
Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè konnen administrasyon Obama a pral pase an revi wòl li nan pwosesis lapè Mwayen Oryan an aprè Israyèl ak otorite palestinyen yo poze aksyon ki lakoz negosyasyon yo echwe.

Misye Kerry pran lapawòl nan jounen vandredi 4 avril 2014 la pou l di genyen yon limit nan tan ak efò Lèzetazini kapab envesti nan pwosesis la, si 2 pati yo pa gen volonte pou yo pran dezisyon konstriktif pou yo fè lapè. Chèf diplomasi amerikèn nan ajoute : « Efò Lèzetazini dispoze fè pou pwosesis la mache, pap dire vitam eternam”.

Pandan misye Kerry tap fè yon vizit nan peyi Aljeri jedi, li di negosyasyon yo rive nan yon “moman kritik” e Izraelyen yo ak Palestinyen yo gen responsablite pou yo anpeche pwosesis la echwe. Misye Kerry deklare :

<<Devwa lidè yo se pou yo dirije ; e yo fèt pou kapab konprann lè moman an rive pou sa. Genyen yon vye pwovèb ki di : « Ou ka fòse bourik janbe dlo, men ou pa ka fòse l bwè dlo. » Moman an rive pou nou bwè dlo, e lidè yo dwe konprann sa. >>

Chèf diplomasi amerikèn nan pral pase kèk semèn ankò ap eseye fè pwosesis la avanse. Dapre yon antant Izraelyen ak Palestinyen te jwenn, 2 pati yo gen yon peryòd 9 mwa pou yo relanse pwosesis lapè a.
XS
SM
MD
LG