Accessibility links

Breaking News

Vizit 3 Manm Kongrè Ameriken an ann Ayiti


Depite Ileana Ros-Lehtinen, Prezidan Komisyon Afè Etranjè Chanm Bas Etazini an, youn nan depite ki te ale Ayiti nan wikenn nan.
Depite Ileana Ros-Lehtinen, Prezidan Komisyon Afè Etranjè Chanm Bas Etazini an, youn nan depite ki te ale Ayiti nan wikenn nan.
3 depite ameriken vizite Ayiti pandan 2 jou nan wikenn pase a pou yo te evalye sitiyasyon an nan moman otorite ayisyen yo ap panche yo sou yon plan pou yo òganize eleksyon nan peyi a. Se 3 reprezantan Eta Florid: Ileana Ros-Lehtinen, Frederica Wilson ak Mario Diaz-Ballart. Pandan sejou manm delegasyon palmantè sa a nan Pòtoprens, yo te rankontre, antwòt, avèk Prezidan Michel Martelly, manm palman an epi ofisyèl yo nan USAID (Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal).

Aprè delegasyon an te retounen Ozetazini, Depite Frederica Wilson te bay yon konferans pou laprès nan ayewopò entènasyonal Miami a kote li di li-menm ak kòlèg li yo byen satisfè de vizit la; li atire atansyon sou le fèt ke Prezidan Martelly bay depite ameriken yo garanti eleksyon pral dewoule anvan fen ane 2014 la. Sou pwen sa a, Madam Wilson di li byen akeyi enfòmasyon otorite yo ba li kote yo di, nan jounen madi premye avril 2014 la, tou lè 3 pouvwa yo ann Ayiti (egzekitif, lejislatif ak jidisyè) pral siyen yon akò pou yo lanse pwosesis elektoral la.

Nan yon entèvyou Senatè Jean-Baptiste Bien-Aimé (palmantè Depatman Nò-Dès) bay Lavwadlamerik, li konfime nouvèl ki di Depite Ros-Lehtinen, Wilson ak Diaz-Ballart te rankontre ak manm palman an. Misye Bien-Aimé fè konnen youn nan tèm yo te abòde nan chita-tande sa a, se sitiyasyon plizyè milye dominiken ki gen orijin ayisyèn e ki ka pèdi nasyonalite dominikèn yo aprè tribinal konstitisyonèl dominiken an fin pran yon desizyon pou l anile nasyonalite panyòl yo poutèt paran yo tap viv ilegalman sou tè dominiken lè yo te pran nesans.

Nan yon nòt-pou-laprès biwo prezdans la ann Ayiti fè parèt aprè vizit palmantè ameriken yo, gouvènman Martelly-Lamothe la di li apresye apui Lèzetazini bay efò kap fèt ann Ayiti pou mete peyi a sou ray devlopman, avèk yon aksan espesyal sou kontribisyon USAID nan egzekisyon pwojè ki sou pye atravè tèritwa nasyonal la. Nòt la ensiste sou le fèt ke kesyon eleksyon an te nan mitan rankont otorite yo te genyen avèk manm delegasyon an.

Klike sou « Koute » pou w tande Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou vizit palmantè ameriken yo ak lòt pwen nan aktualite a ann Ayiti, pou w swiv yon repòtaj Pierre-Nazon Beaulière sou konferans pou laprès Depite Wilson nan, epi yon entèvyou Senatè Jean-Baptiste Bien-Aimé bay Jean Pierre Leroy.
XS
SM
MD
LG