Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Afè Théodore-Lambert/Opinyon Viktim, Akize ak Espesyalis


Madam Jistis
Madam Jistis
Nan vil Jakmèl, nan Sid-Es peyi d Ayiti, Daniel Theodore di li viktim vwadfè anba men Senatè Wensesclass Lambert nan dimanch 9 mas 2014 la e li depoze yon plent fòmèl kont senatè a nan pakè tribinal sivil Jakmel la mèkredi 12 mas 2014 la.

Misye Theodore -- ki jwenn apwi divès òganizasyon kap defann dwa moun, mande jistis ak reparasyon poutèt, daprè sa l di, palmantè a bat li sovajman jous tan li rive rache 2 dan nan bouch li. Bò kote pa l, Senatè Lambert prezante ekskiz li bay Daniel Théodore ak pèp ayisyen an. Palmantè a anonse li pral konparèt nan tribinal sou plent Misye Theodore pote kont li a.

Afè ki enplike Senatè Lambert ak Daniel Théodore la se youn nan ensidan resan ki pase nan peyi d Ayiti e ki fè moun ap poze kesyon pou yo mande ki kote iminite yon palmantè kòmanse e ki kote li fini. Eske aplikasyon nosyon iminite a, jan sa fèt ann Ayiti, pa bay enpresyon ke depite yo ak senatè yo pa gen pou reponn devan lajistis –kèlkeswa aksyon yo komèt-- paske yo pi wo pase lalwa? Epi, si repons kesyon sa yo se “wi”, èske li pa ta bon pou sosyete ayisyèn nan si palman an chache fè yon pase-men nan aplikasyon nosyon iminite a pou l reflete yon lòt nosyon trèz enpòtan e ki chita sou lwa ak konstitisyon tout peyi demokratik: se nosyon ki di “Tout moun egal-ego devan lalwa”?

Kesyon enpòtan sa yo --ki entewoje evolisyon ak avni jèn demokrasi ayisyèn nan-- te sèvi kòm tèm pwogram lib tribin Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik pou jounen vandredi 14 mas 2014 la. Pami envite yo, nou te genyen:

-Doktè Georges Michel, youn nan konstitiyan ki te ekri Konstitisyon 1987 la;

-Vasco Thernélan, ansyen prezidan Chanm Depite ayisyen an ;

-Wikens Dérilus, aktyèl depite ayisyen e manm Blok Parlementaire pour le Renforcement Institutionnel (PRI) ;

-Epi Pwofesè e analis politik Robert Bénodin.

Nan pwogram Dyaloge ak Etazini, men kèk nan kòmantè panelis yo fè sou dosye Lambert/Théodore la :

Prof. Bénodin: "Mwen pa kwè Daniel Théodore genyen anpil chans pou lajistis ba li satisfaksyon nan demand li fè kont Senatè Lambert la."

V. Thernelan: « Si yo kenbe yon palmantè an flagrandeli nan yon zak kriminèl, li sipoze reponn lajistis. Iminite pa konte nan ka konsa. »

Jacques Jn-Baptiste: « Si yon palmantè mele nan lanmò yon sòlda, epi li kache dèyè iminite pou l pa reponn devan lajistis… Doktè Michel, fè limyè pou nou. »

Dr. Michel: "Si yo kenbe yon palmantè an flagrandeli, epi temwen yo mete men sou li e trennen li devan yon tribinal, pa gen iminite la a."

Dr. Michel : "Yon depite oubyen yon senatè pa kapab kache dèyè iminite li pou l achte afè moun epi refize peye..."

Dr. Michel : Ameriken di ou: "Use your judgment..." = "Sèvi ak jijman ou, ak bon sans ou" pou w konnen kijan pou w aplike nosyon iminite a."

Depite Derilus: "Art 114, 1 konstitisyon : Si yo kenbe yon palmantè an flagrandeli, iminite li a tonbe. Yon jijman ka elimine iminite a."

Dep. Derilus: "Iminite a pa ka kouvri aksyon.zak manm fanmi palmantè a. Se depite a, se senatè a pèp la te vote, se pa manm fanmi li."

Prof. Bénodin : "Iminite a bout avèk fen manda yon palmantè, eksepte nan ka politik..."
Dr. Michel: "Iminite a pa envite manm fanmi yon palmantè komèt move zak sitou nan ka penal. Nan ka sivil, yo ka trete vyolasyon yo ka pa ka."

Dep. Derilus: "Moun ki viktim anba men yon palmantè ka pote plent. Men gen yon pwosedi a swiv pou di si akize a disponib pou l reponn."

Dep. Derilus: "Depi fè yo a pwouve 1, 2, ,3, 4, pa A+B, ton palmantè koupab, depite a, senatè a fèt pou l pran responsablite li."

Dr.Michel: "Flagrance" la pran fen nan 24 trè. Nan ka Senatè Lambert la, viktim nan dwe ekri sena a pou l mande leve iminite senatè a."

V. Thernelan: " Palmantè a te prete sèman pou l pwoteje pèp la. Kijan ou ka lejifere sou sa si se ou ankò ki tounen bouwo e kap bat moun?"
Depite Derilus: "Nou pa kwè Senatè a gen menmiz sou tout sistèm jistis la nan Jakmel. Si li gen pou l peye, lap peye."
Dr. Michel: « Nan ka Senatè Lambert la, nou tande l di li pral konparèt volontèman devan lajistis. Donk, konsa, li pap nesesè pou palman aji sou dosye a. »

Klike sou "Koute" pou w swiv yon repò sou afè Lambert-Théodore la.
XS
SM
MD
LG