Accessibility links

Breaking News

Etazini/Defans : Admistrasyon Obama a Pral Fè Rediksyon Istorik nan Bidjè Pentagòn nan


Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel, pandan li tap pale ak laprès nan Pentagòn nan, lendi 24 fevriye 2014.
Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel, pandan li tap pale ak laprès nan Pentagòn nan, lendi 24 fevriye 2014.
Ozetazini, Pentagòn nan pwopoze –e administrasyon Obama a aksepte- yon plan pou fè gwo rediksyon nan bidjè lame amerikèn nan pou fè rive nan yon nivo ki pat janm ba konsa depi 2èm Gè Mondyal la.

Daprè sa minis defans Chuck Hagel di sou kesyon an lendi 24 fevriye 2014 la, plan yo prevwa otorite yo pral koupe sou bidjè anyèl Pentagòn nan kap desann nan nivo 496 milya dola, alòske nan peryòd kote Lèzetazini enplike nan lagè, bidjè sa a konn monte rive an gwo 700 milya dola. Misye Hagel deklare, nan yon moman kote lagè Irak la fini epi lagè Afganistan an prèt pou fini, li lè, li tan pou Depatman Defans la rekonèt reyalite a:

« Kounyela a, nou fèt pou n chache adapte nou ; nou dwe fè inovasyon epi pran desizyon ki difisil, dekwa pou n garanti nou genyen yon lame ki rete toujou prè e konpetan pou aksyon; yon lame ki konsève avans konparatif li sou plan teknolojik la vizavi tout ennmi potansyèl.

Objektif administrasyon Obama a ap pouswiv, se pèmèt fòs militè ameriken yo vin pi ajil, pi fasil pou yo deplase, epi pi efikas; sa vle di, lap mete plis aksan sou nesesite pou lame a sèvi ak avyon telegide ki kapab reyalize misyon militè san pilòt ladan yo, nesesite pou yo prepare fòs dentèvansyon espesyal, an menm tan ke otorite militè yo ap kapab ranfòse sistèm defans sou entènèt la, dekwa pou yo ka fè fas efikasman ak yon seri de nouvo defi.
XS
SM
MD
LG