Evèk vil Okay la Chibly Langlois tounen premye kadinal ayisyen aprè Pap Franswa fin entwonize li nan jounen samdi 22 fevriye 2014 la. Anviwon 150 sitwayen ayisyen te asiste seremoni an nan Vatikan. Pami konpatriyòt sa yo te gen Prezidan Michel Martelly ki te fè deplasman an aprè yon vizit ofisyèl nan vil Pari, an Frans. Nan jounen dimanch 23 fevriye 2014 la, Son Eminans Chibly Langlois chante premye mès li kòm kadinal. Nap raple li se pi jèn pami 19 nouvo kadinal Souvren Pontif la nonmen yo.
------------------------------------------------------------------------
An palan de vizit Prezidan Martelly a nan Lafrans, lidè ayisyen an te jwenn yon resepsyon ofisyèl nan Palè Elize a kote li gen yon tèt-a-tèt avèk Prezidan Franswa Hollande ki byen kapab ale ann Ayiti nan mwa kap vini la yo, daprè biwo kominikasyon prezidans la nan Pòtoprens. Misye Martelly rankontre ak lòt diyitè fransè, li pase yon gad donè an revi, li rankontre ak reprezantan sektè komès ak endistri fransè a, e li fè entèvyou avèk laprès fransèz. Nan youn nan entèvyou sa yo (avèk TV5, pwogram Grand Angle) prezidan ayisyen an abòde, antwòt, dosye sa yo:
- Efò kap fèt pou Ayiti depann mwens de asistans entènasyonal ;
-Kowoperasyon ant Lafrans ak Ayiti (prezidan an lanse apèl pou Lafrans vin pi prezan nan peyi karayib la, sitou avèk yon ogmantasyon sansib kantite kowoperan fransè kap soutni efò otorite ayisyen yo ap deplwaye nan domèn edikatif ak kiltirèl la; pa egzanp, li di pwofesè fransè ki pran retrèt yo ta kapab ale ann Ayiti pou yo ede amelyore kalite edikasyon an epi ede ansèyman an avanse) ;
- Entwonizasyon premye kadinal ayisyen an (Chibly Langlois) ak eleksyon premye ekriven dorijin ayisyèn nan Akademi Fransèz (Dany Laferrière –dezyèm nwa aprè Léopold Sédar Senghor) ;
-Dosye moun kap viv anba tant toujou, plis pase 4 tran aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Michel Martelly di gen pwogrè ki fèt, puiske kantite a diminye anpil: alòske li te depase yon milyon aprè gwo soukous la te fin frape peyi a, kounye a chif la se anviwon 250 mil moun;
-Dosye jistis ak dwa moun: 1.- Prezidan an di swadizan lòtè krim ki te pran lavi militan dwamoun Daniel Dorsainvil ak madanm li, deja anba men lapolis ; 2.- Misye Martelly konfime nouvèl ki di ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier kapab konparèt ankò devan lajistis pou l reponn akizasyon pou krim kont limanite ; men lidè ayisyen an di li pap pwononse l sou dosye sa a, puiske lalwa entèdi pouvwa egzekitif la mele nan travay lajistis (pouvwa jidisyè a) …
Jisteman, daprè nouvèl ki sòti Pòtoprens, lajistis ayisyèn relanse dosye Jean-Claude Duvalier a avèk desizyon yon jij pran pou l kase yon jijman ki te fè konnen akizasyon kòmkwa ansyen prezidan an ta koupab pou krim kont limanite pa resevab, puiske se « krim ki remonte a plis pase 20 tan » . Rebondisman sa a pwovoke reyaksyon rapidman ni nan milye jiridik ak politik yo, ni pami militan kap defann dwamoun yo.
Klike sou « Koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk korespondan nou, Clarens Renois.