Accessibility links

Breaking News

Rankont Martelly-Martinelli : Premye Vizit yon Prezidan Panameyen ann Ayiti.


Ricardo Martinelli Berrocal, Prezidan peyi Panama
Ricardo Martinelli Berrocal, Prezidan peyi Panama
Prezidan panameyen an, Ricardo Martinelli Berrocal, kòmanse madi 18 fevriye 2014 la yon vizit 2 jou nan peyi d Ayiti. Objektif vizit sa a se ranfòse relasyon istorik ak kowoperasyon ki egziste ant 2 peyi yo.

Nan jounen madi a, Prezidan Martelly te swete Misye Martinelli byenveni nan palè prezidansyèl la nan Pòtoprens kote 2 lidè yo pran angajman pou yo travay pou kore rapò zanmitay ki lye Panama ak Ayiti. Prezidan Martinelli pwofite okazyon an pou l di Ayiti mèsi pou konkou zansèt ayisyen yo te pote bay fondatè La Grand’ Kolonbi (Venezuela, Kolonbi, Pewou, Ekwatè ak Panama) lè yo tap batay pou libere peyi sa yo.

Kòm premye rezilta vizit sa a –daprè deklarasyon 2 prezidan yo fè nan palè a nan Pòtoprens- gouvènman panameyen an deside bese frè viza pou Ayisyen kap vwayaje o Panama, tandiske liyn ayiryèn nasyonal Panama a, COPA, pral ogmante kantite vòl li fè chak semèn nan Pòtoprens, kap sòti nan 4 pou yo pase nan 6 vòl.

Sou pwogram vizit sa a, te gen yon seremoni ki dewoule nan MUPANAH (Mize Panteyon Nasyonal d Ayiti), kote chak nan 2 chèf deta yo dekore lòt. Ricardo Martinelli se premye prezidan panameyen ki janm vizite peyi d Ayiti.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Jr. sou vizit lidè Panama a nan Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG