Nan Ikrèn, lapolis ak manifestan antre nan konfwontasyon vyolan tou prè biwo Premye Minis la nan vil Kyèv, kapital la, madi 18 fevriye 2014 la. Daprè nouvèl yo, omwen 3 manifestan mouri. Yon depite ikrenyen ak sekouris kap travay nan yon sant premye swen ki anba kontwòl manifestan yo, konfime bilan an, menmsi okenn nòt ofisyèl poko parèt sou kantite moun ki mouri yo. Sepandan, enfòmasyon ki sòti sou sèn konfwontasyon yo, fè konnen plis pase 100 moun blese pami pwotestatè yo ak polisye yo.
Gwo batay te eklate byen bonè nan jounen an nan Kyèv nan moman lapolis tap eseye bloke manifestan ki tap pran direksyon lokal palman an. Plizyè santèn polisye, ki te genyen boukliye nan men yo, te tabli yon barikad kamyon e yo te bat bravo lè yo te resevwa kannon dlo pou yo repouse manifestan yo
Yon lòt kote, Larisi fè konnen li pral fè gouvènman ikrenyen an jwenn yon lòt sòm 2 milya dola pou ede ekonomi ikrenyèn nan rekanpe sou 2 pye l. Obsèvatè yo panse Moskou pran desizyon sa a pou l pote konkou l bay Prezidan Viktor Yanukovich kap fè fas ak gwo difikilte nan Ikrèn.
Pandansetan, Angela Merkel, chanselye peyi Almay --yon gwo fòs nan Inyon Ewòp la ki genyen 28 manm-- rankontre ak 2 lidè opozisyon ikrenyèn nan : youn nan yo se yon ansyen boksè, Vitaly KIitschko ; e lòt la se Arseni Yatsenyuk. Misye KIitschko di laprès 2 mo sou jan rankont la te dewoule.
« Mwen trè kontan pou jan diskisyon yo ap evolye. Kòm rezilta, Ikrèn pral jwenn plis apui pou l rezoud pwoblèm politik li yo. Se tout pati yo ki enterese nan sa; lè m di tout pati yo, map pale de tout sila yo ki ta renmen wè Ikrèn tounen yon peyi estab politikman e ekonomikman. »
Dirijan Inyon Ewòp la ak otorite yo Ozetazini fè konnen yap travay ak Fon Monetè Entènasyonal pou wè si yo ta mete a la dispozisyon Ikrèn yon prè lajan ki ta nan menm nivo ak kontribisyon Larisi ap pote bay Kyèv la. Men jiskaprezan yo poko fè okenn efò konkrè nan sans sa a.