Ann Ayiti, Prezidan Konferans Episkopal la, kadinal deziye Shibly Langlois, ki se medyatè dyalòg entè-ayisyen an, kite peyi a dimanch 16 fevriye 2014 la pou l ale nan Vatikan kote Pap François pral konsakre l kòm kadinal nan fen semèn nan. Anvan pwochen kadinal la kite Pòtoprens, li di li gen espwa non sèlman tout patisipan yo pral siyen akò konsansis la, men tou yo pral respekte sa ki di ladan n.
Medyatè Langlois fè konnen seremoni siyati akò-a ant pouvwa egzekitif la, palman an ak reprezantan pati politik yo pa rive dewoule apre Prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, pat prezante nan randevou ki te fikse nan Otèl El Rancho pou dat 15 fevriye a. Senatè Desra di li pap siyen dokiman an toutotan pouvwa ekzekitif la pa pibliye lis 10 manm Kou Siperyè dè Kont la.
Dirijan pati politik KID (Konvansyon Inite Demokratik), Evans Paul, sanble apiye lojik reprezantan palman an; li kritike pouvwa egzekitif la ki, daprè sa li di, pa respekte delè pouvwa lejislatif la te fikse sou piblikasyon non 10 jij yo.
Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj konplè sou dosye dyalòg entè-ayisyen an.