Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, gen pou l kite Pòtoprens nan semèn kap vini an pou yon toune sou kontinan ewopeyen an.
Misye Martelly prale nan Vatikan pou l asiste seremoni kote Pap François pral enstale yon evèk ayisyen kòm kadinal –yon grande première nan listwa Legliz d Ayiti. Vrèmanvre, sa pa gen lontan, Souvren Pontif la te anonse nominasyon 19 nouvo kadinal; pami yo genyen yon manm Konferans Episkopal Ayiti a, Evèk vil Okay la, Chibly Langlois.
Yon lòt etap toune sa a se vil Pari, kapital Lafrans, kote Prezidan Martelly pral reponn envitasyon kòlèg fransè li, François Hollande. Nouvèl yo fè konnen deplasman chef Deta ayisyen an sou kontinan ewopeyen an pral mennen li tou nan peyi Beljik kote li pral chache ranfòse kowoperasyon ant Ayiti ak Inyon Ewòp la.
Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens, Clarens Renois.