Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Prezidan Martelly ak Chèf Sèvis Kreyòl VOA, Ronald César


Prezidan Michel Martelly (adwat) pandan yon entèvyou nan katye jeneral Lavwadlamerik la nan Washington. (Foto : 7 fevriye 2014).
Prezidan Michel Martelly (adwat) pandan yon entèvyou nan katye jeneral Lavwadlamerik la nan Washington. (Foto : 7 fevriye 2014).
Lidè ayisyen an, Michel J. Martelly, mete fen vandredi 7 fevriye 2014 la, nan yon vizit 4 jou nan Washington kote li rankontre divès ofisyèl nan gouvènman ameriken an : Prezidan Barack Obama, Vis Prezidan Joe Biden, Sekretè Deta John Kerry, manm kongrè Lèzetazini an, lidè sektè komès ak endistri ameriken an, epi antwòt ofisyèl Oganizasyon Eta Ameriken (OEA).

Nan yon entèvyou avèk chèf sèvis kreyòl VOA a, Ronald César, Prezidan Martelly abòde tèm divès konvèsasyon li te genyen ak otorite ameriken yo –tankou sitiyasyon sekirite a ann Ayiti anpatikilye e nan Karayib la an jeneral, lit kont trafik dwòg nan rejyon an, refòm nan sistèm jistis la, edikasyon, bòn gouvènans ak eta-de-dwa-- e li reyaji sou deklarasyon ofisyèl sa yo fè sou evolisyon sitiyasyon an ann Ayiti kote, daprè Prezidan Obama ak Sekretè Deta Kerry, pa egzanp, gen gwo pwogrè ki fèt sou prezidans Misye Martelly a.

Nan entèvyou a, lidè ayisyen an pale tou de divès priyorite administrasyon n nan pandan lap pran dispozisyon ki nesesè pou kreye yon klima ki pote plis pwosperite nan sektè komès ak endistri a, kreye travay, amelyore kondisyon pou devlopman tourism ann Ayiti, epi bay demokrasi ayisyèn nan plis jarèt, sitou ak òganizasyon pwochen eleksyon yo.

Pou sa ki konsènen dyalòg ant Ayisyen ak Ayisyen ki te kòmanse sa gen 2 semèn nan Otèl El Rancho, nan Petyon Vil, Prezidan Martelly di li vle fikse atansyon n sou 2èm faz rankont sa yo kote pouvwa egzekif la, avèk li-menm an tèt, pral fè chita-pale ak patisipan yo a pati de madi 11 fevriye 2014 la, paske gouvènman an plas la genyen pozisyon li sou diferan dosye ki nan deba yo.

Youn nan dosye enpòtan yo se pwopozisyon ki ta fèt pou amande konstitisyon ayisyèn nan. Sou pwen sa a, Ronald mande Prezidan Martelly eske li pataje lide pou palman an adopte yon amandman ki ta ouvè pòt la pou yon Président de La République pase 2 manda suivi (deux mandats consécutifs) sou pouvwa a, olye de yon sèl a la fwa e 2 altènatif o-plis (un maximum de deux mandats alternatifs), jan Konstitisyon 1987 la mande sa a. Lidè ayisyen an di se ak tout fòs li apiye yon pwopozisyon konsa, dotanplis si prezidan eli a poko fin reyalize pwogram gouvènmantal li a e sitou si li popilè e pèp la ta renmen li rete sou pouvwa a. Sepandan Misye Martelly ensiste sou nesesite ak enpòtans baliz ak gadfou konstitisyonèl ki anpeche diktati repran pye ankò nan peyi Dayiti.

Klike sou « Koute » pou w tande entèvyou Prezidan Martelly bay Ronald César.
XS
SM
MD
LG