Anbasadè Lèzetazini nan peyi Dayiti, Pamela White --ki te akonpaye Prezidan Michel Joseph Martelly, nan yon vizit lidè ayisyen an te fè semèn pase a nan Washington-- bay Lyonel Desmarattes yon entèvyou sou diferan aspè vizit la.
Diplomat la pale non sèlman de tèm diskisyon ki te dewoule ant Misye Martelly ak otorite ameriken yo, men tou li bay opinyon li sou gwo dosye nasyonal ayisyen yo. Pami dosye sa yo genyen, antwòt:
-Efò pou konbat ensekirite;
-Efò pou lite kont koripsyon nan mitan gouvènman an ;
-Efò pou bay sektè komès ak endistri a jarèt epi kreye travay ;
-Kowoperasyon ant Lèzetazini ak Ayiti nan lit kont trafik dwòg ;
-Kowoperasyon ant Washington ak Pòtoprens nan domèn lajistis ak lapolis;
-Asistans Lèzetazini kontinye bay pou kore efò rekonstriksyon yo aprè tranblemanntè janvye 2010 la ;
-Ankourajman Lèzetazini pou Ayiti kontinye efò lap fè pou tabli bòn gouvènans ak eta-de-dwa lakay li ;
-Dosye eleksyon ki gen pou dewoule pandan ane 2014 la pou ranpli tout pòs elektif vid nan peyi a, elatriye…
Klike sou “Koute” pou w swiv entèvyou Anbasadè Pamela White avèk Lyonel Desmarattes.