Accessibility links

Breaking News

Mesaj Sekretè Jeneral l’ONU an nan Okazyon Ouvèti Jezolenpik Sochi yo


Sekretè Jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon, ap pale nan yon konferans pou laprès apre li te fin pran lapawòl devan asanble jeneral Komite Entènasyonal Olenpik la anvan lansman Jezolenpik Divè 2014 yo. (Foto: 6 fevriye 2014, nan Sochi, Larisi).
Sekretè Jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon, ap pale nan yon konferans pou laprès apre li te fin pran lapawòl devan asanble jeneral Komite Entènasyonal Olenpik la anvan lansman Jezolenpik Divè 2014 yo. (Foto: 6 fevriye 2014, nan Sochi, Larisi).
Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, lanse yon apèl pou l mande sa li rele “yon trèv olenpik”, yon fen nan diskriminasyon ki konn fèt kont kèk atlèt pou diferan rezon. Misye Ban lanse apèl sa a mèkredi 5 fevriye 2014 la, swa yon jou anvan lansman ofisyèl jezolenpik divè yo kap tanmen jedi 6 fevriye a nan Larisi, pi presizeman nan vil Sochi.

Pandan lidè Nasyon Zini an tap pale nan vil touristik Sochi, li fè referans endirèkteman a yon lwa gouvènman ris la pran pou l kondane tout pwopagann kap fè piblisite pou mòd de vi omoseksyèl pami jèn moun ki poko gen 20 tan yo. Kèk obsèvatè pa ezite kritike lwa sa a paske, daprè yo, li kapab sèvi pou sere-boulon moun ki apiye estil de vi omosèksyèl yo an jeneral e li fè diskriminasyon an patikilye kont atlèt kap minen kalite lavi sila a. Sekretè Jeneral Ban di:

“Nou tout fèt pou n leve vwa nou pou nou denonse atak kap fèt sou fanm monkonpè yo, ak gason makòmè yo; moun ki an afè ak tou lè 2 sèks yo, gason ki tounen fi, fi ki tounen gason…. Nou fèt pou n leve konpe kont arestasyon, anprizonnman, diskriminasyon ak restriksyon moun sa yo ap sibi.”

Sekretè Jeneral l’ONU an pale konsa mèkredi 5 fevriye 2014 la. Nan menm jounen an, prezidan ris la, Valdimir Putin, te vizite vilaj olenpik la e li fè konnen afè sekirite a rete yon priyorite pou otorite yo. Vrèman vre, nan moman ouvèti je zolenpik yo pral dewoule, fòs sekirite Larisi yo rete an eta dalèt devan posiblite pou ta gen atak teworis.
XS
SM
MD
LG