Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, kap fè yon vizit ofisyèl Ozetazini, rankontre nan mitan jounen mèkredi 5 fevriye a avèk chèf diplomasi amerikèn nan, John Kerry, pou yon chita-tande prive sou relasyon ant Washington ak Pòtoprens, sou mwayen pou yo ranfòse rapò sa yo, epi evalye sitiyasyon jeneral la ann Ayiti plis pase 4 lane aprè tranblemanntè janvye 2010 la.
Anvan Misye Kerry ak Prezidan Martelly te tanmen tètatèt prive yo a, yo te fè avèk laprès yon brèf rankont kote yo chak te bay enpresyon yo sou opòtinite yo genyen pou yo pale de relasyon ant Ayiti ak Lèzetazini. Rankont Kerry-Martelly a te dewoule aprè lidè ayisyen an te vizite Kapitòl la --kidonk, Kongrè Lèzetazini an-- kote komisyon afè etranjè Chanm Depite a te resevwa li an prive.
Objektif vizit sa a se ranfòse relasyon amikal ak kowoperasyon ki egziste ant Washington ak Pòtoprens. An plis lidè ayisyen an, delegasyon an gen ladan n premyè dam ayisyèn nan, Sophia Martelly, minis afè etranjè a, Pierre Richard Casimir, epi antwòt minis ekonomi ak finans la, Wilson Laleau.
Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj sou aktivite ki te sou pwogram Prezidan Martelly pandan jounen mèkredi 5 fevriye 2014 la avèk Serge Rodriguez.