Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Repiblik Dominikèn : Reyaksyon Depatman Deta sou Dosye Sitwayènte a


Nan yon entèvyou asistan kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti, Joel Danies, bay kolaboratè nou Serge François Michel, li reyaji sou desizyon tribinal konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan pran pou l elimine sitwayènte plizyè milye dominiken ki gen paran etranje –pi fò nan yo se pitit oubyen pitit-pitit ayisyen.

Misye Danies deklare pwoblèm desizyon sa a pwovoke bay Lèzetazini anpil preokipasyon e otorite ameriken yo pa mete dlo nan bouch yo pou yo fè gouvènman dominiken an konnen opinyon yo sou kesyon an. Daprè kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti a, desizyon an vyole non sèlman dwa entènasyonal, men tou trete Repiblik Dominikèn siyen ou ratifye.

Lè Serge Michel mande Misye Danies eske li panse otorite dominiken yo pral retounen sou desizyon yo a, li reponn pou l di: “ Tout desizyon politik pran tan pou yo antre an aplikasyon; men nou si e sèten Dominiken yo pral pran yon pozisyon ki kòrèk sou dosye a nan yon delè ki apwopriye.” Asistan kowòdonatè espesyal la fini pa di li apresye le fèt ke, antretan, otorite yo nan Santo Domingo pa pral depòte pèsonn pami moun ki afekte yo.

Klike sou « Koute » pou w tande Misye Danies nan mikwo Serge François Michel ki nan Miami.
XS
SM
MD
LG