Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Jistis : Premye Rezilta Ankèt sou Asasina Jounalis Jean L. Dominique


Jean L. Dominique
Jean L. Dominique
Ann Ayiti, otorite lajistis yo pibliye, nan kòmansman weekend nan, rezilta ankèt sou dosye asasina jounalis Jean Léopold Dominique, ak gadyen Radio Haiti Enter, Jean-Claude Louissaint. Rapò a enplike 9 pwòch kolaboratè ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide --pami yo genyen yon ansyen majistra kominal kapital la, Pòtoprensl. Moun otorite yo site kòmkwa yo ta genyen responsablite nan doub asasina sa a poko reyaji sou rezilta ankèt la.

Nap raple Misye Dominique ak Misye Louissaint te tonbe anba bal asasen nan dat 3 avril ane 2000 e se premye fwa yon ankèt lajistis sanble abouti sou idantifikasyon kèk nan responsab yo.

Nouvèl yo fè konnen Asosyasyon SOS Jounalis (ki gen Guyler C. Delva nan tèt li) te jwe yon gwo wòl nan efò pou relanse dosye a ki pase anpil tan nan tiwa pakè Pòtoprens la e nan valiz diferan jij denstriksyon. Youn nan jij ki te fè plis bri ak dosye a se Mèt Claudy Gassant.

Klike sou « koute » pou w tande yon entèvyou korespondan nou Clarens Renois bay kolaboratè nou Serge Rodriguez sou sa nou te ka rele Afè Dominique/Louissaint an.
XS
SM
MD
LG