.Nouvèl konsènan Liban.- Yon tribinal kap travay ak apui Oganizasyon Nasyon Zini kòmanse jijman 4 nèg ki anba akizasyon deske yo ta mele nan asasina ansyen Premye Minis Rafik Hariri, ki te pèdi lavi li aprè machin li te ekploze nan kapital-la Bewout, nan lane 2005. Bilan : Misye Hariri ak 21 lòt moun te mouri tandiske plis pase 200 lòt te blese.
Vrèmanvre, tribinal espesyal L’ONU pou Liban an tanmen yon pwosè, jedi 16 janve 2014 la, nan peyi La Oland, kont 4 manm gwoup militan Hezbollah, kap jije pa contumas, sètadi pandan yo absan. Nan deklarasyon preliminè prensipal avoka akizasyon an, Norman Farrell, li fè konnen sila yo ki te mete bonm nan machin Misye Hariri a, te gen plan pou yo touye non sèlman ansyen premye minis la, men tou anpil sivil inosan. Mèt Farrell di :
“ Atakan yo te itilize yon gwo kantite eksplozif ki te gen yon puisans depase limit, yon kantite ki te plis pase sa k te nesesè pou touye prensipal moun yo te vize a. San di pètèt, plan yo sete non sèlman elimine prensipal objektif la, men tou voye yon siyal tèrib bay piblik la epi koze latèrè nan Bewout e toupatou nan Liban.”
Akizasyon an gen plan rele plizyè santèn temwen nan efò lap deplwaye pou l defann kòz defen premye minis la ak fanmi li. Defans la pral prezante agiman preliminè pa li lendi pwochen.