Accessibility links

Breaking News

Donatè yo Ofri Plizyè Milyon Dola kòm Nouvo Asistans Imanitè pou Siri


Emir Kowet la, Sheikh Sabah al-Ahmed al-Sabah (nan mitan), Sekretè Jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon (agoch) ak Minis Afè Etranjè Kowet la, Sheikh Sabah Khalid al-Hamad al-Sabah (adwat) nan seremoni ouvèti Konferans Donatè yo ap fè sou Siri nan Grann Sal Palè Liberasyon Bayan nan, nan Kowet.
Emir Kowet la, Sheikh Sabah al-Ahmed al-Sabah (nan mitan), Sekretè Jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon (agoch) ak Minis Afè Etranjè Kowet la, Sheikh Sabah Khalid al-Hamad al-Sabah (adwat) nan seremoni ouvèti Konferans Donatè yo ap fè sou Siri nan Grann Sal Palè Liberasyon Bayan nan, nan Kowet.

Nan yon konferans entènasyonal ki dewoule nan peyi Kowèt, donatè yo pran angajman pou yo ofri plizyè milyon dola pou kore efò kap fèt pou ede moun ki sibi move konsekans lagè sivil la nan peyi Siri; genyen nan viktim to ki deplase, kite kote yo tap viv la, pou y al rete lòt kote nan peyi a ; genyen lòt ki oblije kite Siri pou y al viv kòm refijye nan peyi vwazen yo.

Konferans Kowet la ap dewoule sou patwonaj Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, ki deklare konfli siryen an lakoz peyi a fè yon gwo bak ki mennen li plizyè ane ann aryè; misye Ban pale de plizyè dizèn dane ann aryè. Dirijan l’ONU an presize plis pase 9 milyon siryen bezwen asistans imanitè dijans; sou chif sa a, preske mwatye se timoun. Sekretè Jeneral la deklare:

“Atak militè kontinye vize lekòl, enstalasyon sant sante ak rejyon kote sivil abite. Sa pa gen lontan Siri te posede yon sistèm swen-sante solid, dyanm. Jounen jodi a, sou chak gwoup 5 loopital, gen 2 (swa 40 pousan) ki oblije fèmen pòt yo, yo pap fonksyone.”

Se Emir Kowet la, Sheik Sabha al-Akmed al-Jaber al-Sabah, ki te ouvè konferans la ak yon angajman 500 milyon dola peyi li ofri pou pote amelyorasyon nan sitiyasyon an nan Siri.

Bò kote pa l, Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, kap patizipe nan konferans la, anonse Lèzetazini ap bay yon kontibisyon 380 milyon dola an plis lajan li te deja ofri kòm asistans imanitè; sa ki fè kantite total kòb Washington ofri pou soutni efò entènasyonal kap fèt pou pote chanjman pozitif nan Siri e nan vi popilasyon afekte a depi kriz la te kòmanse, monte depase yon milya 700 milyon dola.

Yon gwo pati nan kontribisyon Lèzetazini an ap ede sivil ki deplase ak viv nan lòt rejyon nan Siri, refijye siryen ki nan peyi vwazen yo, ak kominote nan peyi sa yo kap viv yon vi konplike akoz gwo kantite refijye yo resevwa lakay yo. Chèf diplomasi Lèzetazini an pran lapawòl sou sitiyasyon an nan Siri ; misye Kerry di :

« Sitiyasyon imanitè a nan Siri se yon eskandal ki ta dwe revolte konsyans tout moun ki rezonab. Epi, angwas pèp siryen an mande yon aksyon kolèktif, aksyon nou tout nan kominote entènasyonal la. »
Konferans kap dewoule nan Kowet, ap fèt yon semèn anvan yon seri negosyasyon lapè moun ap tann depi lontan, pral tanmen nan peyi Laswis sou sitiyasyon an nan Siri. Objektif chitatande sa yo se eseye fè gouvènman siryen an ak gwoup rebèl ki pa dakò ak rejim Prezidan Bashar al-Assad la, aksepte negosye yon tranzisyon politik pou mete fen nan kriz la ki te kòmanse nan mwa Mas 2011.
XS
SM
MD
LG