Accessibility links

Breaking News

Ejip/Referandòm : Pèp la Ap Vote pou yon Nouvo Konstitisyon


A line of tulips stand in bloom in front of cherry trees also in full bloom near the Capitol building in Olympia, Washington.
A line of tulips stand in bloom in front of cherry trees also in full bloom near the Capitol building in Olympia, Washington.
Ann Ejip, madi 14 janvye 2014 la se premye jounen yon referandòm kap dewoule an 2 tan –kidonk nan 2 jou-- pou sitwayen yo apwouve oubyen rejte yon nouvo konstitisyon ki jwenn apui gouvènman pwovizwa kap dirije ak apui lame a.
Biwodvòt yo ouvri byen bonè pou sa k sanble sitou ak yon referandòm sou kesyon pou konnen èske kòmandan lame a, Adbel Fattah al-Sisi --ki te ranvèse ansyen prezidan Hohamed Morsi nan mwa jiyè 2013 la-- gen chans pou l vin prezidan peyi a si li poze kandidati li nan pwochen eleksyon yo.

Yon gwoup militan ki gen ladan n patizan Pati Fratènite Mizilman an --yon pati ki apiye Misye Morsi-- lanse apèl bay ejipsyen yo pou l mande yo bòykote referandòm nan epi òganize pwotestasyon pasifik kont yon pwosesis yo denonse kòm ilejitim. Sepandan analis endepandan fè previzyon pou di vòt la nan pral pase san twòp pwoblèm. Pa egzanp, Madam Saba Mahmoud, kap anseye antwopoloji nan Inivèsite Kalifòni nan Barkley, bay sèvis anglè Lavwadlamerik pou Lafrik la yon entèvyou kote li di li atann ni aske pèp ejipsyen an bay nouvo konstitisyon an yon ratifikasyon byen klè. Madam Mahmoud deklare:

“Mwen panse sa k pral fèt la se rezilta 2 bagay : 1, akoz represyon politik gouvènman militè a tabli nan peyi a, majorite moun ki pa dakò ak gouvènman an pap fye sòti ann grann kantite, paske yo pè reprezay politik. Epi, 2èmman, genyen yon fyèv nasyonalis ki anvayi peyi a an favè gouvènman militè a.”

Referandom sou nouvo konstitisyon ap dewoule preske yon lane aprè Misye Morsi te siyen dènye manman-lwa peyi a pou fè l tounen chat fondamantal Lejip. Nouvo dokiman an kapab elimine tout dispozisyon nan konstitisyon an ki pale de enfliyans islamik nan gouvènman ejipsyen an; li kapab bay medam yo plis dwa pou yo patisipe nan zafè Leta epi, antwòt, lap ranfòse pouvwa fòs zame a.
XS
SM
MD
LG