Accessibility links

Breaking News

Tayland/Politik: Eleksyon Antisipe yo Ranvwaye


Nan Tayland, komisyon elektoral la ranvwaye eleksyon yo, men manifestasyon anti-gouvènmantal yo ap kontinye.
Nan Tayland, komisyon elektoral la ranvwaye eleksyon yo, men manifestasyon anti-gouvènmantal yo ap kontinye.
Nan Tayland, komisyon elektoral la ranvwaye endefiniman òganizasyon eleksyon antisipe yo, poutèt pa gen antant ant gouvènman an ak patizan opozisyon an sou etablisman klima lapè ki nesesè pou yo dewoule. Premye Minis Yingluck Shinawatra te mande eleksyon anvan lè sa yo kòm yon mwayen pou gouvènman li a wè si li kapab wete peyi a nan yon kriz ki debouche sou zak vyolans ankò nan jounen jedi 26 desanm 2013 la.

Nan yon deklarasyon komisyon elektoral-la publiye Jodi a, li site kom rezon desizyon an, sa li rele mank lapè ant gouvènman an ak manifestan anti-gouvènmantal yo ki pase plizyè semèn ap egzije pou Madam Shinawatra bay demisyon n epi kite pouvwa a nan men yon Konsèy Nasyonal Gouvènman (KNG) ki pa eli.

Byen bonè nan jounen jedi a, lapolis sèvi ak gaz lakrimojèn e ak bal an kawoutyou pou yo gaye manifestan anti-gouvènmantal ki reponn ak kout wòch. Daprè otorite yo, yon polisye pèdi lavi li e 32 manifestan pou pi piti blese nan konfwontasyon yo.
XS
SM
MD
LG