Accessibility links

Breaking News

Japon/Politik: Yon Vizit Nòmal pou Tokyo; yon Pwovokasyon Klè pou Peken ak Sewoul


Premye Minis japonè a Shinzo Abe ap swiv yon prèt Shinto pandan li tap vizite chapèl Yasukuni a nan Tokyo. (Foto: 26 desanm 2013).
Premye Minis japonè a Shinzo Abe ap swiv yon prèt Shinto pandan li tap vizite chapèl Yasukuni a nan Tokyo. (Foto: 26 desanm 2013).
O Japon, Premye Minis Shinzo Abe onore yon chapèl nan Tokyo ak yon vizit li fè ladan n nan kòmansman jounen jedi 26 desanm 2013 la. Chapèl sa a raple lagè peyi a te livre nan le pase, menmsi kèk eta vwazen konsidere li kòm yon senbòl ansyen dominasyon militè lanpi nipon an sou rejyon an. Se premye vizit yon premye minis japonè an fonksyon fè nan chapèl la depi ane 2006.

San pèdi tan, gouvènman peyi Kore di Sid ak Lachin kondane deplasman sa a, paske se 2 peyi ki te viktim agresyon enperyalis Japon. Premye Minis Abe minimize enpak politik vizit sa a kapab genyen; daprè li, li pat fè l pou l fwase siseptiblite peyi vwazen Japon yo ; men se yon siyn respè pou sòlda ki te mouri nan lagè. Misye Abe di :

« Mwen priye tou pou repo nanm tout moun ki te mouri nan lagè. An plis de sa, mwen pran angajman pou peyi a renonse a lagè, menm jan mwen pran angajman pou nou kreye yon nouvèl epòk kote mizè ak soufrans lagè pap anvayi lavi pèsonn moun. »

Reyaksyon Lèzetazini devan Konsekans Posib yon Vizit Konsa : Anbasad amerikèn nan nan Tokyo fè parèt yon deklarasyon kote li di : «Lèzetazini desi anpil deske lidè japonè yo rive poze yon aksyon ki kapab ogmante tansyon an nan mitan peyi vwazen yo. »

Michael Cucek, kap travay nan yon sant Enstiti Teknolojik Massachusetts la (MIT) genyen nan Tokyo, pale ak Lavwadlamerik pou l fè konnen aksyon Premye Minis Abe a pral ralanti efò ki tap fèt pou amelyore relasyon ant Lachin ak Japon.

« Sa pral voye tout bagay jete nan fon lanmè; sa pral lage tout bagay nan dlo. A la verite, se yon gwo souflèt nan figi tout moun ki tap travay, nan « les coulisses » oubyen ofisyèlman pou yo eseye jwenn yon rapwochman ant gouvènman nan rejyon an. »

Pòtpawòl ministè afè etranjè chinwa a, Qin Gang, prese reyaji pou l di vizit Misye Abe a se yon aksyon totalman innakseptab pou pèp chinwa a, e li egzije pou « Tokyo reflechi sou konpòtman agresif li te genyen nan le pase. » Se konsa tou, ajans Chin Nouvèl ekri pou l di « Lachin pral poze kèk aksyon klè e solanèl nan jounen jedi a, ni nan Peken ni nan Tokyo, pou l pwoteste kont vizit sa a ».

Anfen, nan Sewoul, minis kilti, espò ak tourism sid-koreyen an, Yoo Jinryong, deklare li konsidere vizit Misye Abe a kòm yon aksyon ki pa gen plas li nan 21èm syèk la, e sa pral gen move konsekans sou rapò ant Japon ak Kore di Sid
XS
SM
MD
LG