Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ap Wete Twoup Militè l yo sou Zile Okinawa, o Japon


Otorite militè Lèzetazini yo pral wete yon afè de 9 mil mèrin ki estasyone sou zile japonè Okinawa pou mete yo nan lot zòn nan rejyon pasifik la, kote yo pral rete anba kontwòl ni peyi Etazini ni peyi Japon. Otorite yo fè anons la nan yon konferans pou laprès ki dewoule an menm tan jedi 26 avril la nan Washington ak Tokyo. Mèrin yo pral deplase pou yo al pran pozisyon 3 kote: nan Hawayi --yon eta ameriken ki nan Pasifik-la-- sou tèritwa ameriken Gwam (toujou nan Pasifik la) ak nan peyi Ostrali. Nan konferans pou laprès la, minis afè etranjè japonè a, Koichiro Gemba, fè jounalis yo konnen li satisfè ak antant sa a. Minis Gemba di –nap site :
“Antant la genyen ladan n eleman ki bay estrateji ki nesesè pou nou trete yon anviwonnman lapè ak sekirite kap chanje san sès. Youn nan priyorite nou, se aleje fado ki tap peze sou do Ziel Okinawa ; se konsa genyen anpil tè ki pral rejwenn mèt yo. Alòs, nou trè satisfè ak antant sa a. »
An 2006, Lèzetazini ak Japon te siyen yon akò ki te mande pou twoup militè ameriken yo kite baz militè Futenma, ki nan yon zòn kote anpil moun ap viv sou zile Okinawa, pou y al pran pozisyon nan yon rejyon ki sou kòt Japon. Sepandan, rezidan yo te prese leve vwa yo pou yo mande pou twoup yo ale yon lòt kote. Minis defans japonè a, Naoki Tanaka, di nouvo antant la pote repons pou kèsote rezidan sa yo. Minis Tanaka deklare:
“Mwen panse se yon bon antant, paske non sèlman nou rive kenbe nan rejyon an yon fòs disyazyon ki egal ak sa ki te la anvan -e menm pi enpòtan toujou- men tou nou rive diminye prezans militè ki te reprezante yon sòt de fado pou pèp Okinawa a.”
Lèzetazini genyen yon efektif 47 mil òm o Japon – pi fò nan yo estasyone sou zile Okinawa. 2 peyi yo rive siyen akò a kèk jou sèlman anvan Premye Minis japonè a, Yoshihiko Noda, fè yon vizit nan Washington kote prezidan Barack Obama genyen pou resevwa li lendi kap vini la a. Minis defans ameriken an, Leon Panetta, ki tap patisipe nan konferans pou laprès jedi a, fè konpliman pou Japon ki, daprè sa l di –nap site: “Se non sèlman yon alye, men yon zanmi trè pwòch Lèzetazini.”
XS
SM
MD
LG