Accessibility links

Breaking News

Ansyen Lidè Liberia, Charles Taylor, Jije Koupab pou Krim de Gè


Yon tribinal espesyal nan La Hè jwen Ansyen lidè Liberya a, Charles Taylor, koupab pou krim de gè ak krim kont limanite.

Tribinal Espesyal pou Sierra Leone nan deside Taylor te ede e li te konplis nan abi dwazimen grav rebèl yo te komèt pandan lagè sivil la nan Sierra Leone.

Juj ki t ap prezide seyans la, Richard Lussick, di Taylor koupab pou tout 11 chèf dakizasyon ki tap peze sou do li yo pami yo : Lanmò, vyòl, terorism, rekrutman ti moun pou fè solda ak esklavaj.

Charles Taylor ki te gen yon kostim ble sou li, te kalm lè li te kanpe pou l tande vèdik la.
XS
SM
MD
LG