Accessibility links

Breaking News

Moskou/Dwamoun: Liberasyon prizonye politik ris Maria Alyokhina


Maria Alyokhina, manm gwoup mizikal ris Pussy Riot, ki tap pale ak laprès nan yon estasyon tren nan vil Nizhny Novgorod. (Foto 23 desanm 2013).
Maria Alyokhina, manm gwoup mizikal ris Pussy Riot, ki tap pale ak laprès nan yon estasyon tren nan vil Nizhny Novgorod. (Foto 23 desanm 2013).


Nan Larisi, yon manm yon gwoup mizikal, Maria Alyokhina, denonse desizyon otorite yo pran pou yo libere li lendi 23 desanm 2013 la, kòm yon tantiv piblisite pou gouvenman an; manmzèl fè sèman li pral kontinye leve lavwa pou l denonse zak krazezo otorite yo ap komèt sou sitwayen yo.

Lajistis te jwenn Miss Alyokhina ak kolèg li, Nasezhda Tolokonnikova, koupab deske yo te komèt zak “hooliganism” pou rezon relijyon, lè yo te bay yon konsè kote yo te enteprete yon chante ki te gen pawòl piman-bouk ladan n kont Prezidan Vladimir Putin. Ensidan sa a te pase pandan medam yo tap bay yon prezante yon espektak an 2012, nan legliz òtodòks ki pi enpòtan nan Larisi a. Yo tou lè 2 te jwenn kondanasyon pou yo pase 2 zan nan prizon, tandiske yon kòlèg yo te jwenn yon pèn prizon “avec sursis”.

Gwoup mizikal la, ki genyen fanm sèlman ladan n, tap pwoteste kont apui legliz òtodòks te pote bay Misye Putin pandan li te poze kandidati li pou yon 3èm manda kòm prezidan –yon bagay ki potko janm rive nan istwa laprezidans nan Larisi. Nouvèl la fè konnen 3èm prizonye gwoup la, Nasezhda Tolokonnikova, byen ka jwenn liberasyon li nan 2 zou 3 jou konsa.
XS
SM
MD
LG