Accessibility links

Breaking News

La Grand Bretay Retonbe Nan yon Resesyon


World Bank Says Remittances Growing Again
World Bank Says Remittances Growing Again
La Grand Bretay retonbe ankò nan resesyon. Daprè enfòmasyon ki sòti nan Biwo Statistik Nasyonal la nan vil Lond, ekonomi britanik la te sib yon bès de 0,2 pousan pandan premye trimès ane sa a.

Bès sa a vini aprè yon chit 0,3 pou san ekonomi an te anrejistre pandan 3 dènye mwa ane 2011 la. Daprè definisyon klasik la, yon resesyon se 2 peryòd 3 mwa youn dèyè lòt kote yon ekonomi pa sispann bese.

Pi fò ekonomis yo te fè previzyon pou di ekonomi britanik la ta pral anrejistre yon leje pwogrè pandan kòmansman ane 2012 la.

Nouvèl ki anonse La Grand Bretay replonje nan resesyon an, vini yon jou aprè Bank Santral Lagrès la te fè konnen ekonomi peyi sa a (k ap fè fas ak gwo difikilte) ap anrejistre plis bès pase sa espesyalis yo te prevwa a.
XS
SM
MD
LG