Nouvèl ki soti Moskou, kapital Larisi, fè konnen Prezidan Vladimir Putin siyen yon dekrè ki padone Mikhayil Khodorkovsky, yon jeyan nan endistri petwòl la ki te jwenn kondanasyon pou l pase 10 zan nan prizon pou swadizan evazyon fiskal ak detounman lajan Leta. Misye Putin pran lapawòl vandredi 20 desanm 2013 la pou l di li fè Misye Khodorkovsky gras pou rezon imanitè.
Grasye a se prezidan direktè jeneral yon konpayi petwòl ki rele Yukos. Premye fwa lidè ris la te kite moun konprann li te byen kapab anonse nouvèl padon sa a, se jedi 19 desanm nan lè li te di, pou la premyè fwa depi Misye Khordorkovski nan prizon an, misye lanse apèl ba li pou l mande gras, paske manman li malad.
Mikhayil Khodorkovsky se yon nonm ki te rich anpil, e li pat konn mete dlo nan bouch li pou l kritike politik Kremlen an. Patizan li yo panse se pou rezon politik yo te mete l nan prizon an.