Accessibility links

Breaking News

Toune Sekretè Deta John Kerry nan Rejyon Sidès Azyatik la


Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, twouve l nan peyi FiIipin nan jounen madi 17 desanm nan pou siyati yon akò ki, daprè sa Washington espere, pral ranfòse presans Lèzetazini nan rejyon sidès azyatik la.

Misye Kerry ap fè vwayaj sa a nan Maniy, kapital Filipin, aprè yon vizit nan peyi Vyetnam kote li pran angajman, nan non gouvènman ameriken an, pou l fè peyi nan rejyon an jwenn yon don 32 milyon dola pou ede yo pwoteje dlo tèritoryal yo nan moman gen tansyon nan relasyon yo ak peyi Lachin jisteman pou rezon limit fwontyè maritim yo.

Chèf diplomasi amerikèn nan demamti pawòl kap di nouvo asistans sa a se yon reyaksyon devan konpòtman agresif Lachin sou dosye a. Sepandan li fè konnen Lèzetazini apiye mwayen diplomatik, e non pa aksyon ke yon peyi ta pran pou kont li, pou eseye rezoud pwoblèm nan.

Misye Kerry di : “Lapè ak trankilite nan Lanmè Meridyonal Lachin nan, se yon gwo priyorite pou nou e pou peyi nan rejyon an. Nou gen gwo preokipasyon lè nou wè yon peyi ap sèvi ak taktik kraponnay e agresif pou l reyalize vize teritoryal li; dayè, nou kont taktik konsa.”

Daprè kondisyon ki nan akò Lèzetazini ap chache nan Filipin ak peyi nan rejyon an, Vyetnam pral resevwa 18 milyon dola; yon pati nan lajan sa a pral pèmèt peyi a achte 5 nouvo bato patwouy pou operasyon gad kòt li. Lòt peyi ki nan Asosyasyon Nasyon Azi Sidès la pral resevwa 14 milyon 500 mil dola.

Yon lòt kote, pandan Misye Kerry tap vizite Vyetnam lendi 16 desanm nan, laprès te poze l kesyon pou mande l ki kòmantè li te ka fè sou deklarasyon prezidan fransè a, François Hollande, ki di li pa kwè yon konferans lapè entènasyonal Lèzetazini apiye pou rezoud konfli a nan peyi Siri e ki gen pou dewoule mwa pwochen an, se yon konferans ki pral bay siksè.

Sekretè Deta ameriken an fè konnen li panse negosyasyon yo dwe dewoule e, daprè li, pa genyen yon pi bon opsyon pase yon konferans konsa pou rezoud yon gè sivil ki la depi plis pase 2 zan edmi: "Pa gen anyen ki ka ranplase konferans la, eksepte batay ki ka kontinye, destriksyon ki ka kontinye, polilasyon refijye yo ki kapab kontinye ogmante, posiblite pou tout peyi a kontinye depafini, e kantite eleman ekstremis e radikal yo ki ka kontinye parèt pou okipe teren an, si nou kite l vid. Sa, se yon danje. Nou pa gen lòt chwa, ke fè efò ki nesesè pou konferans Jenèv la dewoule.”

Sekretè Deta Kerry demanti tou nouvèl ki di reprezantan diplomatik Lèzetazini te rankontre ak lidè Fwon Islamik la, yon gwoup ki rasanble 6 brigad rebèl siryen e ki ta renmen wè peyi yo a tounen yon eta islamik.
XS
SM
MD
LG