Accessibility links

Breaking News

L’ONU ap Voye Asistans bay Popilasyon Deplase a nan Nò Siri

Oganizasyon Nasyon ZIni voye avyon al tranpòte asistans imanitè nan pati nò peyi Siri kote moun yo ap soufri seryezman akoz move konsekans yon lagè sivil ki la depi plis pase 2 zan edmi deja, nan moman kondisyon tan an ap vin malouk anpil nan rejyon an.

Transpò ayeryen sa a kòmanse dimanch 15 desanm 201 3 la e li sipoze kontinye pandan 10 jou kap vini la yo, kote aparèy yo ap pote plizyè tòn manje, dra, gwo lenn pou moun kouvri, ak ekipman medikal.

Daprè Wo Komisarya Nasyon Zini pou Refijye a, èd sa a pral jwenn yon afè de 60 mil siryen ki te oblije kouri kite zòn kote yo tap viv la akoz lagè a. Operasyon an te sipoze kòmanse depi yon semèn déjà ; men yo te vin ranvwaye li akoz yon tanpèt fredi k ap frape rejyon an.

Gouvènman siryenan ak gouvènman peyi Irak la apwouve operasyon an. Dindar Zibari, se pòtpawòl ministè afè etranjè nan Kirdistan irakyen an kote avyon yo ap dekole.

Misye Zardari di : “Kantite tòn yo pral transpòte a se anviwon 400 tòn pou PAM (Pwogram Alimantè Mondyal), epi 300 tòn pou Wo Komisarya Nasyon Zini pou Refijye a. Nou espere, vè kòmansman vwa janvye 2014 la, transpò ayeryen sa a pral kontinye nan direksyon Siri.”

Daprè Oganizasyon Nasyn Zini, lagè sivil l a nan Siri deja fòse 2 miyon 200 mil moun kite peyi yo pou y al viv a letranje, tandiske 6 milyon 500 mil lòt kite kay yo pou y al rete nan lòt rejyon sou tèritwa siryen an; chif sa a reprezante 40 pou san tout popilasyon siryèn nan.
This item is part of
XS
SM
MD
LG