Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid-Mandela : Plis Omaj pou Lidè Mouvman Anti-Partheid la


Nan Afrik di Sid, plizyè milye moun mete yo an ran pou yo defile devan kadav premye prezidan nwa peyi a, Nelson Mandela, ki te mouri nan dat 5 desanm pase a.

Kadav la ekspoze pou yon 3èm e dènye jounen nan vil Pretorya. Manm gouvènman an fè konnen pou vandredi 13 desanm nan –swa dènye jou ekspozisyon an-- yon afè de 50 mil moun pral pase devan sèkèy an glas Mandela a; yo lanse avètisman pou di anpil nan moun sa yo pap gen tan pou yo jete yon dènye koudèy sou kadav la, paske otorite yo pral fèmen sèkèy la yon fwa lè a a rive pou yo fèmen l.

Liyn moun ki mete yo an ran pou yo rann yon dènye omaj pou lidè mouvman anti-apartheid la kouvri plizyè kilomèt e li te kòmanse fòme depi 3 zè di maten. Youn nan moun sa yo se Doktè MuLumba. Li fè konnen li pa vle rate chans pou l wete chapo li, yon dènye fwa, devan gwo gason sa a ki make listwa peyi li, Afrik di Sid, listwa Lafrik ak listwa lemond.

Doktè Lumumba deklare :"Mwen rive isit la a 4 trè dimaten. Poukisa? Ebyen, se paske yè mwen te vin mete m nan liyn nan a 11 zè di matern e m pat rive pase devan sèkèy la. Alòs, jodi a, depi 4 trè, mwen prezante isit la pou m pa rate chans la."

Aprè ekspozisyon an, kap pran fen vandredi aprè 3 jou, otorite yo pral transfere kadav Nelson Mandela nan vilaj natal li, Kunu, kote seremoni fineray la ak antèman an pral dewoule dimanch 15 desanm nan.
XS
SM
MD
LG