Nan Afrik di Sid, pèp la kontinye rann dènye omaj li pou Nelson Mandela, premye prezidan nwa peyi a ki mouri sa genyen 8 jou.
Yon long fil ofisye militè defile devan sèkèy defen lidè a pou yo salye depouy mòtèl li ki te ekspoze nan vil Pretoria pou yon dezyèm jounen.
Depi mèkredi 11 desanm, plizyè milye moun pa sispann vizite anfiteyat katye jeneral Sendika vil Pretoria a, kote gouvènman sid-afriken an genyen syèjo prensipal li, pou yo jete yon dènye kout-je sou kadav defen lidè mouvman « anti-apartheid la ».
Vèv Nelson Mandela a, madanm Garça Machel ; prezidan sid-afriken an, Jacob Zuma, 2 ansyen prezidan Afrik di Sid, Frederic de Klerk, ak Thabo M’Beki ; prezidan Zimbabwe a, Robert Mugabe ; prezidanTanzani a, Jakya Kikwete ak lidè Sid Soudan an, Salva Kiir, se kèk nan pèsonalite ki defile devan sèkèy ansyen dirijan sid-afriken an.
Piblik la pral gen yon lòt posibilite vandredi 13 desanm nan pou l kontinye montre afeksyon n ak atachman n pou misye Mandela; Lantèman li ap chante dimanch nan vilaj kote li te pran nesans e kote li te pase anfans li a, nap pale vilaj Kounou.