Accessibility links

Breaking News

Thailand: Ansyen Premye Minis la Akize Ofisyèlman pou Asasina 2 Manifestan an 2010


Lajistis akize ofisyèlman ansyen premye minis Thailand la, Abhisit Vejjajiva, pou asasina 2 manifestan pandan yon operasyon sere-boulon lame a te lanse an 2010.

Komisè gouvènman an di mesye Abhisit te bay fòs sekirite yo lòd pou yo tire sou fou l la e pifò manifestan yo (an palan de « Chemiz-wouj-yo ») jou sa a te san zam nan men yo. 90 pami yo te pèdi la vi yo nan represyon lapolis.

Pwotestatè yo, jou sa a, te rasanble anba la vil Bangkok (kapital peyi a) pou apiye ansyen premye minis Thaksin Shinawatra ke lame ,te dechouke nan yon koudeta militè an 2006.
XS
SM
MD
LG