Je lemond antye brake sou Afrik di Sid ki pral antere anvan lontan youn nan pi gwo pitit li yo, Nelson Mandela, alyas Madiba. Nan okazyon youn nan sèvis memoryal k ap dewoule anvan antèman an, plizyè milye kretyen vivan te rasanble, nan jounen madi 10 desanm 2013 la, pou yo asiste yon gwo kokenn seremoni pou onore memwa Nelson Mandela, lidè sid-afriken anti-apartheid-la ki te mouri jedi 5 desanm nan.
Li te genyen 95 zan. Moun yo te fè yon liy byen long depi 5 kè di maten anba lapli ak fredi kote kèlke zè anvan menm seremoni an te kòmanse, yo tap chante, yo tap danse sou 2 bò stad Johannesburg kote plis pase 90 lidè mondyal te reyini –se nan stad sa a final koup dimond 2010 la te dewoule. Stad sa a tounen yon batiman istorik, paske se la defen Nelson Mandela te fè dènye aparisyon piblik li kote li te pran lapawòl nan seremoni ki te mete fen nan premye e sèl faz final yon koup di mond ki dewoule jiskisi sou kontinan afriken an.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki te youn nan oratè ofisyèl nan seremoni an, te gen avèk li pou vwayaj sa a nan Air Force One nan --sètadi avyon prezidansyèl Lèzetazini an-- ansyen prezidan George W. Bush. Misye Mandela te tounen premye prezidan nwa Afrik di Sid nan ane 94 apre li pase 27 tan nan prizon poutèt li te ran tèt lit ki tap konbat mouvman apartheid blan ki tap dirije peyi li.
Sekretè Jeneral Nasyon Zini an Ban Ki-moon ak kèk manm fanmi Mandela te pami lòt pèsonalite ki pran lapawòl nan okazyon an. Responsab yo mete sou pye yon sistèm sekirite maksimòm pou plis pase 80 mil moun ki asiste evennman sa a.
Malgre yon lapli ki pa sispann tonbe, sa pat deranje antouzyams moun ki te reyini nan stad la pou yo rann omaj pou Neson Mandela, menm anvan seremoni an te kòmanse. Repòtè Lavwadlamerik, Anita Powell, ki te nan stad la, di nou sèvis sekirite a trè sere, kote otorite yo te fèmen anpil wout ki mennen nan stad la, lapolis te enstale anpil pwen enspeksyon, men atmosfè a te rilaks.
Tankou nou di l deja, pami diyitè etranje ki te pran lapawòl nan okazyon an, te genyen prezidan Lèzetazini an, Barack Obama. Nan ouvèti diskou prezidan Obama a, li te genyen kèk mo espesysl pou aktyèl Madam Nelson Mandela a, Grasa Machel ak tout rès fanmmi an; pou prezidan sid-afriken an, Jacob Zuma, manm gouvènman Afrik di Sid la, epi, antwòt, pou tout chèf deta, prezan e pase, ki tire leson nan temwayaj mondyal Nelson Mandela reprezante pou lit pou plis jistis ak plis egalite sou planèt la.
Misye Obama di: "Li difisil pou yon moun fè yon orezon funèb ki rezume nan kèk mo sèlman, evennman ak dat ki temake lavi –men nou ka prezante verite esansyèl ki defini moun sa a; nou pa ka kapte tout jwa ak tout tristès moun sa a te konnen nan vi prive li; tout moman trankil ak kalite unik ki fè nanm moun sa a briye. Ebyen, li pi difisil toujou pou n fè sa a, si moun an kesyon-an se yon jeyan listwa, ki te rive fè peyi-li monte sou wout lajistis e, an menm tan, etone plizyè milya moun sou latè."
Nan yon moman nan mesaj li a, Prezidan Obama te rive konpare Nelson Mandela ak kèk nan pè-fondatè nasyon amerikèn nan, tankou Georges Washington ki te kite pouvwa a volontèman aprè sèlman yon grenn manda ; e plis ke 200 zan aprè, Nelson Mandela ta pral fè menm bagay la.
"Menm jan ak pè fondatè Lèzetazini yo, Mandela kreye yon lòd konstitisyonèl ki prezève libète pou jenerasyon kap vni yo –yon angajman vizavi demokrasi ak eta de dwa ki te jwenn ratifiksyon pèp la nan sèlman nan eleksyon n nan, men nan volonte li te genyen pou l kite pouvwa aprè yon sèl manda."
Prezidan Obama atire atansyon anfen sou lòt leson Mandela kite non sèlman pou lidè mondyal yo, men pou tout abitan planèt la, kèlkeswa aktivite yo nan lavi a.
Misye Obama deklare :"Mandela ban nou leson sou pouvwa aksyon ; men tou, li ban nou leson sou pouwa lide genyen. Li anseye nou enpòtans la rezon ak negosyasyon ; nesesite pou n etidye non sèlman moun ki dakò avèk nou, men tou sila-yo ki pa aksepte agiman nou. Li te konprann ke pèsonn pa ka fèmen yon lide ant 4 mi yon prizon ; ke yon bal revolvè pa kapab fè yon panse disparèt."
Divès lòt seremoni pral dewoule pandan rès semèn. Kadav Nelson Mandela ap ekspoze pandan 3 jou : mèkredi, jedi ak vandredi 11, 12 ak 12 desanm nan ; epi antèman an pral chante dimanch 15 desanm.