Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Sektè Prive a Preche Inite pou Eleksyon yo ka Dewoule


Ann Ayiti, sektè prive a mande pati konsène yo antann yo pou dewoulman pwochen eleksyon yo.

Pèsonalite ki lanse apèl sa a se Prezidan Chanm de Komès Ayisyano-Ameriken an, Philippe Armand.

Yon lòt kote, Prezidan Michel Martelly ap prezide delegasyon ki pral asiste seremoni antèman Nelson Mandela a. Delegasyon an ta sipoze kite Pòtoprens nan fen jounen lendi 9 desanm nan.

Nap presize otorite Afrik di Sid yo pwograme yon seremoni memoryal pou jounen madi 10 desanm nan kote divès lidè mondyal -tankou prezidan Lèzetazini an, Barack Obama ak Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon-- pral reponn prezan.

Menmsi divès sèvis finèb gen pou dewoule pandan tout semèn nan, antèman defen lidè sid-afriken an fikse pou dimanch 15 desanm nan.

Klike sou “koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG