Ann Afri di Sid, plizyè milye moun rasanble atravè peyi a pou yo patisipe nan yon jounen priyè nasyonal aprè lanmò premye prezidan nwa nasyon an, Nelson Mandela. Nan yon sèvis ki dewoule nan yon legliz nan Johanesbourg, aktyèl prezidan peyi a, Jacob Zuma, remèsye Bondye poutèt Li te bay Afrik di Sid yon pitit tankou Nelson Mandela.
Ansyen Madam Manfela a, Winnie Mandikizela-Mandela, pote kole ak youn nan pitit-pitit-gason defen lidè a, Mandla Mandela, e ak kèk lòt manm-fanmi an pou yo te dirije youn nan sèvis relijye yo. Anvan sa, Mandla Mandela te di yon gwoup moun ki te reyini pou yon seremoni espesyal mèsi poutèt yo pataje pèn fanmi an. Seremoni sa a te dewoule nan yon lokal kote zèl ame Kongrè Nasyonal Afriken an (pati politik Nèlson Mandela a) te konn fè reyinyon li.
Lidè mondyal --pami yo genyen Prezidan ameriken an, Barack Obama ak Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon-- pral fè deplasman an nan vil Jonnanesbourg pou yo asiste yon seremoni memoryal ofisyèl madi 10 desanm nan, nan stad football vil la kote final koup di mond 2010 la te dewoule. 2 ansyen prezidan ameriken, Bill Clinton ak George W. Bush, ap reponn prezan tou nan seremoni sa a.
Divès kalte sèvis finèb pral fèt tou nan tout pwovens yo, nan vil yo kou nan vilaj yo. Kadav Misye Mandela pral ekspoze mèkredi, jedi ak vandredi nan divès lokal òganizasyon sendikal nan vil Pretorya, ki se sant gouvènman sid-afriken an.