Lidè mondyal yo wete chapo yo devan Nelson Mandela, youn nan pi grantòm ki viv sou tè sa a pandan jenerasyon yo a e ki mouri nan peyi li, Afrik di Sid, jedi 5 desanm 2013 la.
Se aktyèl prezidan sid-afriken an, Jacob Zuma, ki te anonse nouvèl lanmò a e sa pat pran tan pou enfòmasyon an fè le tou di mond. Men Deklarasyon Misye Zuma :
"Konpatriyòt sid-afriken m yo,
byeneme Nelson Rolilala Mandela, prezidan-fondatè peyi demokratik nou an, kite mond sa a. Li desede pèzibleman an konpayi manm-fanmi li vè 8 tè 50 di swa, nan jounen 5 desanm 2013 la. Kounye a li nan repo li. Kounye a li nan lapè. Peyi nou an pèdi pitit ki pi enpòtan li a. Pèp nou an pèdi yon papa. Malgre nou te byen konnen jou sa a te gen pou l vini, anyen pa kapab diminye pwofondè pèt nou anrejistre jounen jodi a. Batay san fatig li te mennen pou libète, fè l merite respè lemond antye."
Nan Washington, kèk moman aprè nouvèl la te rive nan La Mezon Blanch, Prezidan Barack Obama te pran lapawòl pou l bay reyaksyon ofisyèl gouvènman ameriken an.
Misye Obama di, antwòt:
"Nou pèdi youn nan kretyen-vivan ki pi enfliyan, pi kouraje, pi imen e ki gen pi bon kè tè sa a janm pwodui. Kounye a, li pa pou nou ankò; li pou le tan e pou listwa."
Nan Nasyon Zini, Sekretè Jeneral Ban Ki-moon pat pran tan, non plis tou, pou l pale de vid Nelson Mandela kite nan lemond kòm yon pèsonalite istorik iranplasab.
Misye Ban fè konnen :
"Lamò Nelzon Mandela ba mwen anpil-anpil tristès. Nelson Mandela reprezante yon jeyan pou lajistis e yon reyon solèy kap leve pou aspirasyon lèzom sou tè sa a. Batay li te mennen, san l pat pè riske pwòp sekirite pèsonèl li, pou l te defann diyite, egalite ak libète pami lè zom, te ba l respè anpil ak yon pakèt moun a travè lemond. Li te touche lavi nou tout yon fason trè pèsonèl."
David Cameron, chèf gouvènman britanik la, li menm tou, rayaiji pou l atire atansyon sou gwo plas Nelson Mandela okipe nan listwa mond modèn nan.
Premye minis Grand Bretay la, ki tap reyaji nan menm sware jounen jedi a, deklare :
"Aswè a, youn nan limyè ki tap briye plis nan mond sa a, etenn. Nelson Mandela te non sèlman yon ewo pou epòk nou an, men se yon ewo pou tout epòk nan tout listwa di mond."
Toujou nan kad reyaksyon nou anrejistre apre lanmò Nelson Mandela a, Prezidan nikaragweyen an, Daniel Ortega, prezante defen lidè sid-afriken an kòm yon nonm ki te gen anpil kouraj.
Prezidan Ortega fè konnen :
"Mandela te kapab ranpòte laviktwa nan pi gwo batay. Nou konnen eritaj li kite dèyè a pral rete dwat debou ; vi li ap kontinye enspire moun ki kwè nan yon mond miyò, ki kwè ke yon mond miyò se yon bagay ki posib."
Bò kote pa l, Prezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro, anonse li dekrete 3 jou dèy nasyonal nan peyi li pou l onore memwa Nelson Madela .
Prezidan Maduro, ki tap pale ak laprès nan fen jounen jedi a, deklare :
"Mwen fèk siyen yon dekrè pou m deklare 3 jou dèy nasyonal pou onore memwa gwo jeyan afriken e mondyal sa a ki rele Nelson Mandela. Li make tout 20e syèk la ak yon pati 21e syèk la gras ak lit li te mennen pou lajistis ak batay li te livre kont rasism."
Ansyen Loreya Pri Nobèl Lapè Aung San Suu Kyi –ki se lidè mouvman demokratik la nan peyi Birmani-- rann defen Mandela yon omaj pèsonèl. Madanm Suu Kuy di li konsidere Misye Mandela --ki, li menm tou, te ranpote Pri Nobèl Lapè a-- kom " yon gason djanm ki leve prensip ki ta dwe reji aksyon lèzòm sou tè sa a pou mete yo nan nivo ki pi wo posib la."
Dalai Lama, yon lòt Loreya Pri Nobèl Lapè a, di l ap manke yon zanmi pèsonèl ke li te rankonte plizyè fwa e ke li te espere rankontre yon lòt fwa.
Dalai Lama ajoute"menm si Mandela absan fizikman, espri li pral kontinye viv pami nou."
Ann Ayiti, Prezidan Michel Joseph Martelly pibliye yon arete ki dekrete jounen vandredi 6 desanm nan kòm yon jou dèy nasyonal pou onore Nelson Mandela, ewo lit anti-apartheid la e premye prezidan nwa yon Afrik di Sid Demokratik.
Nan arete a, lidè ayisyen an di li konsidere defen Nelson Mandela kòm yon sous enspirasyon pou tout limanite akoz lit li te mennen pou respè, diyite ak dwa kretyen vivan. Yon delegasyon ofisyèl ayisyen pral asiste seremoni antèman ansyen lidè lit anti-apartheid la nan vil Johannesburg.