Accessibility links

Breaking News

Kontwovès nan Palman Ayisyen an / Repons Senatè Dieuseul Simon Desra


Ann Ayiti, Prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, lanse yon defi bay kòlèg li nan gran kò a, Senatè Wencesclass Lambert, pou l pwouve akizasyon kòmkwa li ta mande sòlda etranje entèveni nan peyi a pou ranvèse gouvènman Prezidan Michel Martelly a.

Nan yon rankont ak laprès, Misye Lambert –ki se prezidan Komisyon Afè Etranjè Sena a- te repwoche Misye Desra deske li komèt yon vyolasyon grav konstitisyon an e li ta dwe bay demisyon n. Menmsi Senatè Desra rekonèt li voye yon lèt bay prezidan palman chilyen an ak palman kèk lòt peyi sid-ameriken, li presize entansyon li ak lèt sa a se mande palmantè peyi konsène yo, nan kad sa li rele « solidarite entè-palmantè » e nan kad « demokrasi palmantè a», pou yo pran dispozisyon ki kapab anpeche twoup militè peyi sa yo ki nan MINUSTAH patisipe nan okenn aksyon represyon kont jèn ayisyen –sitou etidyan – kap manifeste kont gouvènmnan Martelly-Lamothe la.

Senatè Dieuseul Simon Desra lanse yon defi bay kòlèg li, Senatè Wencesclass Lambert, pou l bay prèv ke li mande entèvansyon twoup etranje pou chanje yon rejim ann Ayiti. Mr. Desra di –e nap site: “Si Senatè Lambert ka pwouve sa, mwen dispoze bay demisyon m san moun pa fòse m. »

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj Lavwadlamerik sou dosye sa a.
XS
SM
MD
LG