Nan Liban, gwoup militan Hezbollah fè konnen youn nan kòmandan li yo mouri e li lage responsabilite lanmò sa a sou do Izrayèl.
Nan yon deklarasyon gwoup la pibliye mèkredi 4 desanm 2013 la, li di kòmandan an, ki rele Hassan al-Laqis, mouri ansasinen vè minwi konsa pandan li tap retounen lakay li nan pati sid Bewout ; men deklarasyon an pa bay plis detay.
Daprè kèk sous ki pwòch fòs sekirite yo nan Liban, Misye al-Laqis mouri anba bal pandan li te chita nan machin ni. Hezbollah di Izrayel te eseye touye kòmandan an plizyè fwa nan le pase, e peyi sa a dwe pran tout responsabilite pou lanmò li.
Pòtpawol Depatman Afè Etranjè Izrayelyen an, Yigal Palmor, demanti nouvèl ki fè konnen Izrayel ta mele nan lanmò sa a ; li ajoute se byen souvan e otomatikman Hezbollah abitye lage responsabilite move zak konsa sou do Izrayèl.