Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-Gouvènmantal ap Kontinye nan Ikrèn


Premye minis Ukrèn nan, Mykola Azarov, bay pwotestatè anti-gouvènmantal yo yon pinga pou yo sispann fè tansyon an monte nan peyi a nan moman lòt peyi ak yon gwoup dwazimen gen anpil kè-sote akoz operasyon sere-boulon lapolis lansee kont manifestan yo.

Pandan Misye Azarov t ap fè yon reyinyon ak manm kabinè ministeryèl li a, li deklare gouvènman an demontre ase tolerans deja e li lanse avètisman pou di otorite yo pral pini tout moun ki vyole lalwa.

Manifestan yo pran pozisyon sou plas santral kapital la, Kyèv, e òganizasyon defans dwamoun Human Rights Watch --ki gen baz li Ozetazini-- mande otorite ikrenyen yo pou yo ouvè yon ankèt sou nouvèl ki fè konnen lapolis ap itilize yon fòs depase limit pou l kontwole foul yo.
XS
SM
MD
LG