Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, twouve l nan Peken pou kèk chita-tande ki pral santre, san di petèt, sou desizyon Lachin pran pou l ajoute sou tèritwa nasyonal li kèk zile ki an diskisyon ant li-menm ak Japon, aprè Peken te deklare zile sa yo antre nan kad defans ayeryen li.
Misye Biden debake nan kapital Lachin nan byen bonè mèkredi 4 desanm 2013 la e li pwomèt pou l soulve kesyon an nan rankont Ii ak Prezidan Xi Jinping e ak lòt lidè chinwa yo. Pandan Vis Prezidan ameriken tap pale ak kòlèg chinwa l la, Li Yuanchao, an prezans laprès, li fè konnen relasyon ki egziste ant Lèzetazini ak Lachin yo se relasyon ki enpòtan, menm si yo konplike. Vis-prezidan Biden di:
« Relasyon sa yo genyen yon gwo kokenn enfluyans e yap afekte trajektwa lemond pral swiv pandan tout 21èm syèk la. E, tankou tout relasyon ki konplike, Vis Prezidan Li, yo mande yon angajman soutni e toujou nan pi wo-nivo a. Se pou sa prezidan ameriken an te mande m vin isit la e se yon onè pou m twouve m isit la. »
Vis Prezidan ameriken an ap fè vwayaj sa a yon jou aprè li te ale nan peyi Japon, yon alye Lèzetazini kote Misye Biden te deklare –nap site : « Mwen genyen gwo preokipasyon poutèt Peken pran desizyon pou l ajoute zile ki nan rejyon Lanmè Lès Lachin nan anndan espas defans ayeryen li.» fen sitasyon.
Aprè Vis Prezidan Biden te fin rankontre ak Premye Minis japonè-a, Shinzo Abé, li te lanse lide pou 2 pati konsène yo travay pou yo tabli yon atmosfè konfyans resipwòk; pami dispozisyon yo ta dwe pran, daprè Misye Biden, genyen etablisman yon kanal kominikasyon dijans ki ta kapab ede bese tansyon kap monte ant 2 kapital azyatik yo.