Accessibility links

Breaking News

Rapò sou Koripsyon nan Lemond : Somali, Kore di Nò ak Afganistan nan Tèt Lis la


Yon rapò sou koripsyon atravè lemond plase peyi Somali, Kore di Nò ak Afganistan nan tèt lis la kòm peyi ki gen plis koripsyon sou planèt la. Oganizasyon Transparency International, ki gen katye-jeneral li nan vil Berlen, nan peyi Lalmay, pibliye rapò anyèl li a ki baze sou entèvyou li fè ak moun k ap viv nan 177 peyi.

Etid la –ki parèt madi 3 desanm 2013 la-- bay yon peyi ki pa gen korispyon ditou yon nòt 100 pwen. Pou ane 2013 la, Somali, Kore di Nò ak Afganistan resevwa grenn 8 pwen. Peyi ki genyen mwens koripsyon yo, se Danmak ak Nouvèl Zeland ki resevwa 91 pwen yo chak ; apre yo nou jwenn Fenland ak Laswèd ki resevwa bon kanè tou avèk 89 pwen.

Robert Barrington, direktè jeneral Transparency International, fè konnen peyi ki resevwa pi move kanè yo, an jeneral se peyi kote konfli, tankou lagè, ap dewoule.

Misye Barrington di : “Nan peyi sa yo, ou jwenn yon black-out total sou aktivite gouvènman yo ; tou espesyalman, ou pa jwenn okenn sans responsablite, yon mekanism pou fè otorite yo rann kont de fason y ap jere afè peyi a. Enstitisyon Leta yo kòmanse kraze; e nan ka sa yo, se sitwayen yo ki vikltim.”

Peyi Soudan ak Soudan-Sid k ap fè fas ak pwoblèm ki poze depi yo te separe an 2011 -pwoblèm ki poko jwenn solisyon jiskaprezan-- yo menm tou, yo twouve yo preske nan ke kamyonèt la pou sa ki gen rapò ak bòn gouvènans. Yon lòt peyi ki resevwa youn nan pi move kanè yo pou koripsyon, se Libi ki poko ka kontwole yon milis k ap fè e defè depi mouvman leve-kanpe ki te ranvèse rejim diktatè Mohammar Khadafi a.
XS
SM
MD
LG