Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Repiblik Dominikèn : Konferans Episkopal Ayiti a Pwononse l Sou Afè Nasyonalite a


Konferans Episkopal Dayiti kritike desizyon Tribinal Konstitisyonèl dominiken an te pran, nan mwa Septanm 2013 la, pou l elimine nasyonalite dominikèn moun ki te pran nesans nan peyi panyòl la apati de 1929, si paran yo te an sitiyasyon ilegal oubyen yo te de pasaj nan peyi a.

Prezidan konferans la, Monseyè Chibli Langlois –ki t ap reyaji sou dosye a-- fè konnen desizyon tribinal la vyole dwa plizyè milye dominiken ki gen orijin ayisyèn. Lidè legliz katolik la lanse apèl bay otorite 2 peyi yo pou l mande yo chita ansanm pou yo chache yon solisyon pou pwoblèm nan nan enterè ayisyen ak pitit ayisyen ke lwa a afekte.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild Francois Junior.
XS
SM
MD
LG