Accessibility links

Breaking News

Divizyon nan Kongrè Ameriken an akoz Akò sou Pwogram Nikleyè Iran an.


Senatè Robert Menendez (D-NJ), youn nan palmantè ki dakò pou bay diplomasi yon chans, men san bliye raple Iran sanksyon yo toujou sou tab la.
Senatè Robert Menendez (D-NJ), youn nan palmantè ki dakò pou bay diplomasi yon chans, men san bliye raple Iran sanksyon yo toujou sou tab la.
Manm Kongrè ameriken an --Repibliken kou Demokrat-- fè konnen yo pa kwè yon akò nikleyè Lèzetazini ak kèk lot puisans mondyal jwenn mwa pase-a ak Iran, se yon bon afè. Kèk palmantè pa ekate posiblite pou yo chache mete plis sanksyon sou do Iran, menmsi administrasyon Obama a ensiste pou l di li pi bon pou Kongrè a bay diplomasi yon chans nan moman nouvo gouvènman iranyen an sanble li vle kowopere ak kominote entènasyonal la.

Sepandan, kèk depite ak senatè panse pouvwa egzekitif la genyen rezon pou l mande Kongrè a kite demach diplomatik yo bay rezilta, anvan pou Lèzetazini chanje posiyon sou dosye a. Pa egzanp, se opinyon Senatè Demokrat Robert Menendez, ki se prezidan komisyon sena a ki okipe zafè relasyon entènasyonal. Misye Menendez di :

“Mwen espere akò a kapab bay bon jan rezilta. San di pètèt, diplomasi se yon bagay nou ta renmen wè reyisi.”

Sepandan, Misye Menendez ajoute Lèzetazini dwe kontinye brandi menas sanksyon ekonomik yo, e menm fè Iran konprann sanksyon yo ka double si akò a echwe. Bò kote pa l, yon senatè repibliken enfluyan, Bob Corker –ki se yon manm komisyon relasyon entènasyonal la tou-- di akò pwovizwa puisans mondyal yo jwenn ak Iran an, se deja yon echèk. Senatè Corker deklare:

“Akò pwovizwa sa a ban mwen anpil preokipasyon. Pa egzanp, eske nou pral rive nan yon pwen kote Iran ap sispann anrechi iranyom an pèmanans? Kijan nap fè konnen si Iran pa deja rive nan yon pwen kote li kapab konstrui yon zam nikleyè?”

Obsèvatè yo prevwa dout anpil manm Kongrè a genyen sou akò Iran jwenn ak Etazuni epi 5 lòt puisans mondyal, pral domine deba yo sou Kapitòl la pandan tout semèn sa a.
XS
SM
MD
LG