Accessibility links

Breaking News

Ondiras/Eleksyon : Pwotestasyon kont Rezilta Prezidansyèl 24 Novanm nan

Kandida a la prezidans Xiomara Castro (agoch) ak mari li, Manuel Zelaya, sou tèt yon machin kap transpòte sèkèy yon patizan ki te mouri samdi premye desanm nan anba men swadizan kriminèl (Tegucigalpa, dimanch premye desanm 2013).

Nan peyi Ondiras, nan Amerik Santral la, patizan kandida ala prezidans pati zèl goch la, Xiomara Castro, pran lari pasifikman dimanch premye desanm 2013 la pou yo mande rekontaj vòt yo aprè viktwa kankida ofisyèl la, Juan Orlando Hernandez. Madam Castro, kandida Pati Lib la, pèdi kous la avèk yon maj 8 pou san devan misye Orlando Hernandez, kandida Pati Nasyonal ki sou pouvwa a.

Pandan Madam Casto tap pale ak yon gwoup patizan dimanch la, li fè sèman pou l kontinye batay pou Komisyon Elektoral Nasyonal la rekonte vwa yo. Obsèvatè entènasyonal –tankou delege Oganizasyon Eta Ameriken (OEA) ak Inyon Ewòp la ki te fè deplasman an pou yo t al swiv operasyon elektoral la-- fè konnen pwosisis la te dewoule san iregilarite.
XS
SM
MD
LG