Accessibility links

Breaking News

Menas Sevè Lachin kont Tout Vyolasyon yon Espas Ayeryen Li fèk Ajoute sou Tèritwa Nasyonal li


Zòn ki an diskisyon ant Lachin, Japon ak Kore di Sid. -Zile sa yo rele Senkaku pou Japonè yo, epi Diaoyu pou Chinwa yo. Yo nan Lanmè Lès Lachin nan.
Zòn ki an diskisyon ant Lachin, Japon ak Kore di Sid. -Zile sa yo rele Senkaku pou Japonè yo, epi Diaoyu pou Chinwa yo. Yo nan Lanmè Lès Lachin nan.
Nan Lachin, lame peyi a declare li depeche kèk avyon degè al fè patwouy nan yon zòn nan rejyon Lanmè Lès Lachin nan, ke gouvènman an fèk dekrete kòm yon pati nan tèritwa nasyonal li. Otorite militè yo fè anons sa a kèk èdtan aprè Japon akk Kore di Sid te defye desizyon Peken pran pou l di zòn nan fè pati jewografi peyi Lachin.

Anons otorite yo fè nan Peken an vin ogmante posiblite pou gen tansyon nan relasyon ant Lachin ak 2 lot peyi yo, akoz yo chak reklame kèk zile nan zòn nan --ki pa gen moun sou yo-- kòm pati tèritwa nasyonal li.

Byen bonè vandredi maten, pòtpawòl Ministè Defans chinwa a, Yang Yujun, te konfime yon avètisman Peken lanse pou l di li pral ranfòse siveyans la nan rejyon an. Misye Yang di, pandan li tap pale nan mandaren, youn nan 2 lang chinwaz yo:

“Lachin pral pran a-tan dispozisyon ki apwopriye --pami yo genyen dispozisyon pou l idantifye, siveye e kontwole-- tout menas nenpòt ki objè non-idantifye ta poze nan zòn sa a ki fè pati zòn defans nasyonal nou. Repons nou pral depann de sitiyasyon ki va prezante a e de kalte menas ki va poze a.”

Japon, Kore di Sud ak Lèzetazini, tou lè 3 peyi sa yo derefize rekonèt desizyon Peken pran pou l fè rejyon konsène a antre anba souverènte nasyonal li. Pi bonè nan semèn nan, Lèzetazini –ki gen obligasyon pou l defann Japon, paske 2 peyi yo siyen yon trete asistans resipwòk nan ka lagè-- te demontre pozisyon n sou dosye a lè l te voye 2 avyon chasè (2 bonbadye B-52 telegide) al vole sou zile ki nan diskisyon yo.
XS
SM
MD
LG