Accessibility links

Breaking News

Pap François Kritike Gwo To Chomaj la Pami Jèn yo


Pap Francois fè sèvis kominotè ak asistans pou sila yo ki nan bezwen tounen pi gwo priyorite papote li a. Se konsa tou, Souvren Pontif la pa janm manke yon okasyon pou l kritike sistèm kapitalis entènasyonal la ki, daprè li, santre plis sou benefis lajan e non sou bezwen lèzòm.

Nan yon entèvyou ki pase sou yon chèn televizyon nan peyi natal pap la, Ajantin, Sen Pè a denonse sa li konsidere kòm yon “kilti lese-grennen” ki makònen ak yon wo-nivo chomaj pami jèn ewopyen yo, pa egzanp. Pap la di :

« Nan kèk peyi ewopeyen --san m pa bezwen site non-- genyen yon to chomaj ki monte rive jous 40 pou san pami jèn yo; e gen kote li pi wo toujou, li monte rive 46 pou san konsa. Alòs, se tout yon jenerasyon jèn ki pa genyen diyite ki mache ak le fèt ke yon moun ap travay. » .. »

Pap la kontinye pou l di, yon sosyete ki pa pran swen jènès la ak granmoun aje yo, se yon sosyete ki pa gen avni.
XS
SM
MD
LG