Accessibility links

Breaking News

Tayland/Vyolans: Manifestan Okipe yon Katye Jeneral Lame a


Yon sòlda taylandè kanpe pandan manifestan anti-govènmantal pran pozisyon nan katye-jeneral Lame Woyal Taylandèz la nan Bangkòk (Foto: Vandredi 29 nov. 2013).
Yon sòlda taylandè kanpe pandan manifestan anti-govènmantal pran pozisyon nan katye-jeneral Lame Woyal Taylandèz la nan Bangkòk (Foto: Vandredi 29 nov. 2013).
Nan peyi Tayland, pi presizeman nan kapital la, Bangkòk, plis pase mil manifestan ki apiye opozisyon an pran daso yon katye-jeneral lame a, nan kad efò yap fè depi kèk jou deja pou yo chache ranvèse gouvènman premye minis Yingluck Shinawatra a.

Daprè kèk wo-grade militè, manifestan yo antre pa la fòs, vandredi 20 novanm 2013 la, nan katye-jeneral la kote yo egzije lame pran pozisyon bò kote yo nan lit yap mennen pou yo jete rejim an plas la.

Patizan pozisyon an gaye mouvman pwotestasyon yo a atavè tout kapital la, kote yo fè sèman pou yo okipe tout biwo piblik yo jiskaske Premye Minis Shinawatra kite pouvwa a.
XS
SM
MD
LG