Nan peyi Bangladèch, pati politik yo òganize manfestasyon ki debouche sou vyolans madi 26 novanm 2013 la, apre Komisyon Elektoral la fin anonse yon nouvo vòt pou yon gouvènman tou nèf pral dewoule nan dat 5 Janvye 2014.
Yon nèg mouri tandiske plizyè douzèn lòt moun blese nan mach pwotestasyon ki dewoule atravè tout peyi a kote manifestan yo fè eksplozif sote, yo tonbe nan lese-frape ak lapolis, epi yo fè dega nan ray tren yo pou anpeche moun vwayaje.
Manifestan sa yo se patizan pati opozisyon an ki gen nan tèt li ansyen premye minis Khaleda Zia. Yo egzije pou yon gouvènman pwovizwa ki pa nan paspouki monte sou pouvwa a dabò, anvan pou komisyon elektoral la òganize lòt eleksyon.
Toujou sou kontinan azyatik la, gen vyolans tou nan peyi Tayland kote manifestan anti-gouvènmantal ranfòse mouvman pwotestasyon yo devan kèk biwo-kle nan kapital la, Bangkòk. Sa fè pati efò yap deplwaye pou yo eseye ranvèse gouvènman Premye Minis la, Madam Ying-Luck Shinawatra, kap fè fas ak yon vòt non-konfyans nan palman an.
Madi 26 novanm 2013 la, yon bann ak yon pakèt manifestan te antoure lokal Ministè Enteryè a e yo fè sèman yap rete la jous demen maten. Depi nan jounen lendi a, yo te deja sezi yon pati nan Depatman Finans ak Afè Ekonomik la, plis Depatman Afè Etranjè a. Gen lòt gwoup ki pran pozisyon tou devan divès lòt biwo leta.